Tag: fanmi

MIT LAKAY AYISYEN
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye?Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou jwenn y ap rakonte. Istwa sa yo souvan  makonnen ak imaj yon bèt oubyen yon moun oubyen tou se yon istwa yo rakonte ou men ou pa janm viv menm yon segonn nan lavi ou . Mit lan se zèv yon gwoup savan ki marye ak yon sosyete osnon marande ak aksyon yon sosyete. Li egziste nan tout peyi sa ki vle di chak sosyete konstwi ak mitoloji pa yo. Pou sosyete ayisyen an , gen plizyè mit ki chita ladan. Men, nan atik sa a n ap eseye konprann kesyon lougawou a. ki se youn nan mit yo plis pale de liLougawouLougawou se youn nan mit ki chita lakay ayisyen. Li konstwi ak zannimo tankou ravèt,  gwo papiyon nwa, chwal bwa, chòv-souri elt..  Nan byozowoloji, li rele bèt sa yo bèt ak zèl. Sa vle di bèt ki pa gen zo ( invertebré). Yo konst...
TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL
Atik, Jeneral, Lavi, Sante

TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL

Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante, maladi se yon chanjman oubyen yon eka ki genyen nan sa ki gen pou wè ak eta fizyolojik nan yonn oubyen plizyè pati nan kò a kote evolisyon li plizoumwen previzib. Se nan sentom ak siy karakteristik yo ou dekouvri manifestasyon li. Nan tout sosyete yo sante ak maladi se eleman diskou, alò maladi tankou tout evènman nan egzistans moun mande yon eksplikasyon, fòk yo ba li yon sans (Dominique Lecourt, 2004). Maladi lèzom soufri yo divize an de (2) gwoup. Gwoup maladi fizik ki pran nesans nan kò ak gwoup maladi mantal ki pran nesans nan lespri. Men maladi mantal yo jounen jodi a se twazyèm maladi ki pi frekan nan lemond. Yo frape tout moun, kèlkeswa laj ou, sèks ou, estati sosyal ou, nivo entèlektyèl ou ak mwayen ekonomik ou. Sèlman yo ka wè li diferan...
LANMOU OUBYEN PARAZIT EMOSYONÈL?
Atik, Fanmi, Jeneral, Lavi

LANMOU OUBYEN PARAZIT EMOSYONÈL?

Jodi a mwen vle louvri on ti lodyans sou zafè relasyon koup. Lè nou nan premye etap relasyon an, kote mesye a ap file ti fi an, yo chèche enspirasyon tout kote, pou yo ka jwenn pawòl pou yo bay ti fanm sila. Nan moman sa gason an tande anpil ti mizik  swa, li liv pwezi, tounen powèt epi a la fen  yo pral gen jan de ti pawòl konsa, ou byen ki preske sanble ak egzanp sa yo m pral mete la. Le pli souvan ou konn tande ti mesaj  tankou: ” Vi m pa gen sans san ou.’’ (more…)
KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?

Konfli se yon sitiyasyon nou paka twò evite, depi gen relasyon ant moun li ap la. Men konfli kèk fwa se yon bon bagay li ye : li ka pèmèt ou eksprime emosyon w epi li ka yon okazyon pou w komanse yon dyalòg.Men toutfwa konfli ant adolesan avèk paran yo, malgre li gen benefis, li se yon sitiyasyon ki ka penib. Adolesan yo lè yo nan stad sa yo dejà santi ke yo gen yon kapasite entèlektyèl ki devlope, yo  santi ke yo gen yon bezwen pou egzèse kapasite sa, fason pou yo egzèse l se nan opoze yo a sa paran yo di. Epi paran yo menm ki konnen yo gen konpetans yo vle timoun yo soumèt yo anba pisans yo.Gen kat(4) prensip pou limite sitiyasyon ki ka mennen a konfli. Prensip sa yo yon adolesan ka swiv yo, men inisyativ pou iltilize l la dwe soti kote paran yo. Paske nòmalman se paran ki pou ba...
NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?
Atik, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?

Chak ane pifò moun fè yon pil rezolisyon avèk lis sa yo ta renmen akonpli pou nouvo ane a, an general nou panse ke yon ane ki ap komanse se yon bèl opòtinite pou kreye nouvo rezolisyon oubyen akonpli nouvo bagay nan lavi nou, sa ke anpil moun wè ki ta yon bon ide, konsa tou gen panse kontrè a sa.Gen moun ki di ke fè yon lis pou yon nouvo ane kote ou etale tout sa w ta anvi yo, fè ke yo gen chans pou yo akonpli, konsa tou nou ka wè anpil moun bliye lis sa sou 2 semèn.  Kisa ki ka fèt nan ka yon moun ke chak ane ki  paka akonpli menm youn nan tout rezolisyon li te fè yo?(more…)
TAKSAJ, YON MODÈL AGRESIVITE KI KOURAN LAKAY TIMOUN YO
Edikasyon

TAKSAJ, YON MODÈL AGRESIVITE KI KOURAN LAKAY TIMOUN YO

Nan sikoloji, sikanaliz ak sikoloji sosyal, agresivite  vle di tout tandans  yon moun genyen pou fè yon lòt moun oubyen yon lòt gwoup moun mechanste .Konpòtman agresif yo vini sou plizyè fòm men se vyolans fizik la ki pi remakab. Nou jwenn agresivite a nan mo ki blesan yo, nan vye blag yo, li kache kò li tou dèyè move konpòtman ajan sosyal yo ka genyen pandan y ap egzèse otorite yo. (more…)
SA POU NOU KONNEN DE DEPRESYON (CHYEN NWA)
Fanmi, Lavi, Sante

SA POU NOU KONNEN DE DEPRESYON (CHYEN NWA)

Anpil nan nou konn tande pale de depresyon, anpil nan nou nan yon konvèsasyon konn mansyone depresyon, petèt nou byen itilize mo a, petèt nou konn menm arive mal itilize l’ , jodia ann fè yon ti koze poun ka konnen plis de li. Òganizasyon mondyal sante defini depresyon tankou “yon twoub mantal (more…)
YON LANE TOUNEF, NOUVO OPOTINITE
Atik, Jeneral

YON LANE TOUNEF, NOUVO OPOTINITE

Pou anpil moun, yon lane ki chanje pa vle di anyen, se pa yon sipriz. Se tankou yo te sòti nan mwa mas ale nan avril. Nou menm nan SAK (SikolojiAnKreyòl) nou pa panse konsa paske yon lane ki fenk tanmen pote yon pakèt bagay tankou nouvo opòtinite, lòt enèji, e tout moun ka pwofite nan moman Sila a pou mete sou pye nouvo objektif epi kontinye travay sou sa yo tabli deja. (more…)
ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi

ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN

Depi plizyè deseni, deba sou sa ki gen awè avèk lekòl pran plizyè plas nan desizyon, nan prezan ak avni sosyete nou. Deba sa yo fèt nan tout nivo, tout kote (espas akademik , espas politik sitou nan epas mediatik yo). Kote yo ensiste anpil sou edikasyon kòm sèl grenn pyon sosyete nou an. Deba sa yo ki ap vire tout won sou zafè lekòl, chita sou yon kesyon fondamental. (more…)