YON MOMAN LANMOU KAPAB YON OKAZYON POU DEFINI LAVI

Poukisa nou pa fè Poz Kafe Reyinyon vin yon reyalite?
Se ak kesyon senp sa a kominote poz kafe, yon òganizasyon jèn etidyan ki kwaze sou rezo sosyal yo ta pral kòmanse mete lajwa nan kè yon pakèt moun epi pèmèt yo wè lavi yo yon lòt fason tou.

18 novanm 2017, se nan lakou biwo nasyonal etnoloji (BNE) nan Pòtoprens, jèn sa yo te rive fè premye rankont yo. Se tout bon, sa ki te vityèl la ta pral vin yon reyalite. Yon pil bèl moun ki pa te gen okenn lyen te rive mete tèt yo ansanm pou manje, jwe, fè echanj san okenn prejije. Lespri konbit la te prezan, lanmou te fè kenken, nou ka di viv te eksitan tankou Dorothy P. ak Emma R. renmen di li a. Sante mantal yon pakèt moun te pran yon lòt nivo, satisfaksyon te tabli toupatou epi te menm rive depase atant òganizatè yo ak patisipan yo. Fòs viv ansanm nan ta pral fè ni piblik la, ni òganizatè yo pa rete la sèlman, nan lide pou sere lyen yo plis toujou, yo te vle lanmou an kontinye fè chimen l’. Pou sa òganizatè yo pran desizyon reyalize yon lòt aktivite.

Fwa sa a, kominote pòz kafe te òganize Poz chokola nan lakou Contigo, yon restoran nan Petyonvil jou ki te 10 fevriye 2018 la. Jou sa a, chokola peyi te chita kò li san konplèks, chak gode chokola te senbolize pataj, zanmitay ak lanmou youn pou lòt, nou te wè kijan distans pa ka anpeche moun makonnen, nou te wè aklè lespri konbit nou, kòman anpil bagay posib depi gen volonte, kòman lanmou se yon santiman ki reyèl, enpak li fè nan lavi chak grenn moun, timoun tankou granmoun. Nou te wè tou koman li fasil pou nou antann nou malgre diferans yo lè nou gen posibilite pou nou ri, jwe epi manje ansanm.

Pouki pou nou pa pwofite viv moman sa yo chak jou sitou si nou p ap depanse senk kòb ?
Anpil fwa, nou ale chèche byen lwen bonè ki devan pòt nou. Anpil fwa tou, enspirasyon ak modèl nou bezwen yo tou pre, men nou pa ba yo twòp atansyon.

Kijan yo defini kominote Poz kafe?
Kominote poz kafe, se yon gwoup jèn etidyan/pwofesyonèl ki mete tèt yo ansanm pou pote divètisman ki makonnen ak lide konbit, pataj, elatriye.

Ki teyori nan sikoloji ki makonnen ak aktivite kominote poz kafe yo?
Nan domèm sikiloji, sikològ yo devlope yon teyori ki rele : TEYORI BONÈ, pou moun ka pi byen konprann fenomèm nan, yo devlope kèk konsèp tankou : byennèt sibjektif, byennèt sikolojik, byennèt sosyal epi vrè bonè. Byennèt sibjektif la se fason yon moun kapap evalye lavi li, byennèt sikolojik la ale pi lwen, li genyen ladan li fason moun nan aksepte tèt li, fason li grandi, relasyon pozitif li genyen ak lòt moun, fason li bay lavi li sans, elatriye. Byennèt sosyal la gen rapò ak reyalizasyon sosyal moun nan, kontribisyon sosyal li, koyerans sosyal ak fason li enplike tèt li nan sosyete a. Vrè bonè a li menm, Seligman wè li tankou yon vi ki gen sans, yon vi kote yo itilize fòs karaktè nan domèn ki enpòtan nan lavi a.

Abraham Maslow, yon sikològ imanis ki gen yon vizyon egzistansyalis bay dizon pa li tou sou teyori bonè a. Pou li, chak grenn moun k ap viv gen yon pakèt bezwen ki dwe satisfè soti nan sa ki pi enpotan rive nan sa ki pi piti a. Nan piramid bezwen li a, nou jwenn: bezwen pou nou renmen, rantre nan gwoup, fé zanmi, pataje vi nou…
Nou remake kalte aktivite Poz Kafe òganize yo pote lajwa san mezi pou moun ki viv li yo, yo gen anpil bezwen ki rive konble, sa ki fè wè nou bonè a tout bon vre epi kite mak li sou chak grenn patisipan. Pou nou site Dalaï LAMA, n’ap di sekrè bonè se lajwa.

Enterè nou nan travay sa?
Nou reyalize plis gen lyen moun ak moun, se plis konfyans k ap tabli pou rapò yo pi efikas. Aktivite Kominote Poz Kafe yo bay posibilite pou relasyon yo pi klè, li pèmèt lespri konbit la toujou prezan nan lavi nou, dayè se sa menm nou bezwen pou nou ka avanse sosyalman epi ekonomikman. Se yon bon demach pou devlopman pèsonèl nou ak devlopmam kominote nou.

Limit travay la
Travay sa ka parèt sibjektif paske moun ki ekri li a, se yon manm kominote a, men nou ap presize nou te jwenn enspirasyon nan atik ki te soti anba banyè ‘’Nouvelliste’’ak ‘’Loop Ayiti’’. Aktivite yo pako rive nan tout teritwa nasyonal la, entènasyonal la tou, men sa pa anpeche moun soti byen lwen pou vin pran epi pataje lanmou.

Referans
Fabrice BEAL(2011), « Le secret du bonheur » (www, opération succès.com).23 Février 2018
Jeanne-Elsa CHÉRY(2018), Poz chokola : « entre partage et convivialité » (www.Loopayiti.com), 23 février 2018
Les Théories du bonheur, (www.psychologie positive.inf) 22 février 2018
Madjolah PIERRE(2018), « Pause Café Réunion, Quand le Virtuel se fait réel »(http//lenouvelliste.com).22 Février 2018

Atik: Evodie MENARD, Etidyan sikoloji nan Inivèsite leta (FE)

Facebook Comments