SA POU NOU KONNEN DE DEPRESYON (CHYEN NWA)

Anpil nan nou konn tande pale de depresyon, anpil nan nou nan yon konvèsasyon konn mansyone depresyon, petèt nou byen itilize mo a, petèt nou konn menm arive mal itilize l’ , jodia ann fè yon ti koze poun ka konnen plis de li.
Òganizasyon mondyal sante defini depresyon tankou “yon twoub mantal ,ki popilè, karakteristik li se tristès, pa pran plezi nan sak te konn bay plezi, santiman ke koupabilite oubyen mank estim, paka domi oubyen manje, sansyasyon fatig e manke konsatrasyon.”
Nou ka ajoute kòm sentom: Panse a touye tèt ou, paka domi oubyen domi twòp, paka manje oubyen manje twòp, lan nan nenpot aktivite, oubyen ajite twòp, ou fème kò w’ yon kote ou pa vle an relasyon ak lòt moun. Tout sa yo se siy depresyon. Men sikològ yo pou yo diagnostike twoub sa fòk moun nan montre 5 oubyen plis de tout siy sa yo, epi li dwe dire plis ke 2 semèn pou pi piti.
“Chyen nwa” nou renmen itilize non sa paske an pati li dekri depresyon an byen. Chyen nwa sa nou ka di li soumoun anpil lè nou wè tout karakteristik li yo. Li akonpaye w’ tout kote menm si w’ pata vle envite l’, li mete baryè ant ou menm ak sosyete a, li vle pou w’ konsantre w’ sou li, pou w’ pa wè lòt moun yo, li pa pote okenn jwa nan lavi w’, sèlman tristès. Toutotan ou rete avè l’ ou pa denonse l’ bay yon profesyonèl oubyen yon zanmi ki ka ede w’ li ap vinn pi gwo e yon lè ou pap ka fè fas a li, se lanmò w’ap wè kòm solisyon.
Kisa ki lakòz depresyon?
Faktè sa yo ka lakoz:

  • Paran te ka soufri de li, timoun nan vin pran l’, paske se yon maladi ki ereditè.
  • kèk pwoblèm nan sistèm nève, lè gen yon gwo nivo kòtisòl (yon òmon) e lòt ajan chimi ki aji nan sèvo a tankou serotonin, dopamin e noradrenalin.
  • Sosyete a, e fason ke moun nan konsevwal,yon moun ka santil sèl akoz li gen yon moun ki mouri, oubyen yon separasyon, akoz yo revoke l’ nan travay li jiskaske li devlope depresyon.


Kontantman pou nou, nou ka konbat depresyon avèk terapi epi medikaman. Si ou santi ou soufri de depresyon, oubyen ou se yon moun ki wè yon pwòch ki ap soufri de sentom sa yo, pa ezite pale ak yon zanmi oubyen al wè yon sikològ ki ap guide w’ e ede w’ ak maladi sa. Si sikològ la twouve nesesè li ka voyew al wè yon medsen ki spesyalize l’ nan sikatri pou preskri medikaman pou ede moun sa ale mye, toutotan ou pran pi bonè se toutotan ou ka bani vye chyen nwa sa lakay ou.
Nou ap avèti nou, depresyon pa yon maladi mantal sèlman, li afekte kò a tou, moun ki soufri depresyon pi fasil pou yo fè kansè, soufri maladi kadiovaskilè, epi mouri pi jèn. Pa bliye pi bonè se granm maten

Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik

Facebook Comments