TAKSAJ, YON MODÈL AGRESIVITE KI KOURAN LAKAY TIMOUN YO

Nan sikoloji, sikanaliz ak sikoloji sosyal, agresivite  vle di tout tandans  yon moun genyen pou fè yon lòt moun oubyen yon lòt gwoup moun mechanste .Konpòtman agresif yo vini sou plizyè fòm men se vyolans fizik la ki pi remakab. Nou jwenn agresivite a nan mo ki blesan yo, nan vye blag yo, li kache kò li tou dèyè move konpòtman ajan sosyal yo ka genyen pandan y ap egzèse otorite yo.

Agresivite a kapab dirèk oubyen endirèk :

  • Li dirèk se lè moun ki viktim  nan reponn dirèkteman moun ki responsab soufrans lan.
  • Li endirèk se lè sitiyasyon sosyal  yo anpeche moun ki viktim nan replike paske responsab la se yon moun ki nan pi gwo fonksyon pase li, men li defoule l byen fasil sou yon pwòch oubyen yon moun ki nan pi piti fonksyon pase l epi ki pa responsab aksyon an.

Agresyon fizik lakay fanm ,adolesan, tankou timoun okipe lespri moun anpil nan sosyete modèn yo. Gen plis risk pou yo arete yon moun epi jwenn li  koupab pandan li jèn pase lè li  granmoun. Pandan 40 ane ki sot pase yo, gen anpil etid ki fèt  pou eseye konprann kijan yon timoun òdinè fè vin yon moun ki vyolan, yon delenkan.

Gen anpil faktè ki asosye ak delenkans lakay jèn yo : move siveyans, fanmiy ki divize, move enfliyans ak mizè . Konpòtman vyolan yo se repons fristrasyon nou genyen ki kache anndan nou, nou pran yo tankou zouti pou pèmèt nou jwenn sa nou vle .Nou aprann vye konpòtman sa yo tou nan fanmiy, nan medya popilè, nan fim ki vyolan ,nan move frekantasyon, elatriye.

Ekspè yo rive jwenn konpòtman vyolan lakay timoun ki nan preskolè yo tou,R. Tranblay(2003) fè konnen,nou aprann konpòtman agresif yo depi nan 24 premye mwa lavi nou epi yo konn pèsiste si sijè a pa jwenn èd byen bonè.

Kisa taksaj la ye ?

Sikològ yo defini taksaj la tankou yon konpòtman agresif  volontè ki toujou vize moun ki pi fèb yo ak sila ki san defans yo. Nan vil Kebèk, espesyalis yo konsidere taksaj la tankou yon chan apa nan vyolans  lan epi ki mande pwòp entèpretasyon li. Anpil fwa yo pale de taksaj lè yon moun itilize vyolans sikolojik  oubyen fizik pou l oblije yon lòt moun ba li yon bagay.

Taksaj la ka fèt sou yon grenn moun oubyen sou yon gwoup moun ,yon moun ki itilize mwayen sa pou li entimide yon lòt moun oubyen pou li vòlè l poze yon aksyon kriminèl, lalwa gen dwa sanksyone l.

Plis pase de milyon ( 2 000 000) timoun k ap viv nan peyi Etazini, se timoun ki agresè oubyen viktim taksaj. (Nansel et Al.,2007). Fi tankou gason  ka sibi oubyen fè taksaj. lakay fi yo taksaj la plis sikolojik epi  pou  gason yo sa plis fizik.

Ki  enpak taksaj la ka genyen sou timoun yo ?

Yo remake plis yon timoun gen difikilte pou li entegre l, plis rapò sosyal li pa devlope, se plis li gen posibilite pou l sibi  taksaj.Anpil fwa ,timoun ki sibi taksaj yo renmen bay move rezilta lekòl, yo konn fimen epi bwè alkòl tou. yon kote,Taksaj la konn pèmèt viktim yo devlope twoub anksyete epi li fè yo renmen kriye. Gen yon nivo yo rive, yo pèdi konfyans nan tèt yo, yo konn vin twò obeyisan tou. Yon lòt kote, gen viktim ki konn repwodwi menm fenomèn nan ,yo vin renmen pwovoke epi fè diskisyon ak lòt moun .Gen sila yo ki konn menm  vin Ipèaktif.

Kijan yon timoun ka evite taksaj ?

Gen rechèch ki montre lè yon timoun gen zanmi ,li pwoteje plis kont taksaj paske lyen sosyal yo vin pi devlope. Daprè Olweus, yo  ka mete nan lekòl yo pwogram entèvansyon pou konbat taksaj ,men pou pwogram sa yo mache, yo bezwen kèk eleman esansyèl tankou :

  • Fòk lekòl la nan yon anviwónman ki gen anpil chalè, sa ap pèmèt timoun yo rejwenn yo plis pandan y ap aplike bon jan prensip menm si se pa pinisyon kòporèl.
  • Fòk gen bon siveyans nan lè rekreyasyon yo ak nan lè timoun yo ap manje .
  • Fòk toujou gen entèraksyon ant paran yo ak direksyon lekòl yo.

Boutofen, fòk paran yo  plis enplike nan edikasyon timoun yo. An Ayiti, gen anpil paran ki konn Panse lè pitit yo megri oubyen pa renmen lekòl, se paske  yo nan  leve bonè oubyen jan nou konn tande yo di li souvan : «timoun nan kase pou l grandi» men yo pa janm chèche konnen sa timoun nan ap viv nan lekòl la pou yo konnen kisa ki lakòz chanjman yo remake lakay timoun yo.

Prezans paran yo enpòtan anpil nan edikasyon timoun yo, li pèmèt gen plis entèraksyon ant direksyon lekòl la ak paran yo pou timoun yo devlope pi byen. Lè timoun yo jwenn ankadreman yo devlope plis sou plan entèlèktyèl epi yo pa kite lekòl avan lè.

 

Referans

Entendre, Moqueries, Taxage et autres Formes d’intimidation , «La revue de l’association Du Québec Pour Enfants Avec Problèmes Audititifs »(2011),num. 202,pp20.

Sally W. OLDS et Diane E. P(2005), «Le développement affectif et social de l’enfant de 6 à 11ans inPsychologie du Développement humain »,Québec,éd Bauchemin,pp 200

 

 

  • Otè

    Otè

     Evodie MENARD, (etidyan nan sikoloji, fakilte Etnoloji)

  • Editè

    Editè

    Ledna ADRAS, (Etidyan lengwistik

Facebook Comments