Tag: fanmi

ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi

ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN

Depi plizyè deseni, deba sou sa ki gen awè avèk lekòl pran plizyè plas nan desizyon, nan prezan ak avni sosyete nou. Deba sa yo fèt nan tout nivo, tout kote (espas akademik , espas politik sitou nan epas mediatik yo). Kote yo ensiste anpil sou edikasyon kòm sèl grenn pyon sosyete nou an. Deba sa yo ki ap vire tout won sou zafè lekòl, chita sou yon kesyon fondamental. (more…)
KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN
Atik, Fanmi, Lavi, Sante

KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN

Kisa kriz idantite kay granmoun nan ye? Tèm kriz idantite se sikològsosyal Erik Erickson (1972) ki defini li konsa : « se enkapasite yon moun genyen pou li gen pwòp idantite pa li ». Erik Erickson divize kriz idantite a an 8 stad, ki se fason kriz sila ka devlope nan vi moun. Men nou pap site tout stad yo. Si pi souvan chèchè yo plis pale de kriz adolesans, men kriz idantite a pa Sèlman fikse sou peryòd vi adolesans lan. (more…)
8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN

Moun ki imati emosyonèlman fòme pati de yon ti gwoup nan popilasyon an, menmsi yo rive nan granmoun,yo toujou rete ak menm kondwit ki melanje, yo aji san reflechi,yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo. Karakteristik sa yo se pwòp a jan timoun panse akoz ke yo manke devlope sistèm nève yo, yo pako ka panse a gwo mo tankou ‘’ kominote’’ oubyen ‘’avni’’. (more…)
PLANIFYE FANMI W
Atik, Fanmi, Sante, Siperasyon Pèsonèl

PLANIFYE FANMI W

Planifye yon fanmi vle di itilize mwayen pou w' genyen timoun paske ou vle genyen l san ke se pa yon obligasyon. Objektif la se chwazi moman ou vle a. Pou rezon sa nap ba ou kèk enfòmasyon sou sijè sa. Yon etid kite fèt an Ongri, Swèd epi Etazini montre ke timoun ki fèt nan entèval 2 zan ogmante de 5% a 10% risk pou timoun yo fèt avèk ti pwa, prematire oubyen mouri (Miller, 1991). An plis de sa lè yon timoun ap fèt moman sa se bèl bagay, si ou pat prepare pou li, li ap difisil pou w' adaptew a timoun sa antan ke paran. (more…)
MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP
Atik, Fanmi, Lavi

MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP

Jodi a nou pral pale sou yon sijè trè enteresan, ki se maryaj ak fanmi e relasyon. Avèk progresyon ki vin genyen nan preferans seksyèl, tout moun gen lide pwòp yo de kòman yo ka defini maryaj ak fanmi. Mwen deside ekri jodia sou maryaj tradisyonèl ant yon gason ak fanm. (more…)
DIFÈRANS ANT FANM AK GASON NAN PLIZYÈ ASPÈ
Atik, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

DIFÈRANS ANT FANM AK GASON NAN PLIZYÈ ASPÈ

Map komanse ti pale sa avèk grenn kestyon sa pou medam yo. Konbyen fwa ou konprann ke gason yo pa konprann santiman w’ vrèman ? Diferans ant fanm e gason fè anpil moun panse jiska yo ekri sou sa, san panse a difèrans nan fisik, biolojik, eske gen difèrans sikolojik la,oubyen difèrans nan sèvò a? (more…)
JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)
Edikasyon, Fanmi, Lavi

JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)

Bullying se yon mo anglè ke yo itilize pou yo ka dekri yon konpòteman de move je, ladan ou wè vye tapaj, pran plezi sou yon lòt, vye pawòl ki blesan, ignore yon mounn, atak fisik e psikolojik, abi, entimidasyon. Zak sa yo ka poze pa yon moun oubyen yon gwoup sou yon moun ki parèt fèb. (more…)
VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (DEZYÈM PATI)
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (DEZYÈM PATI)

Leonore Walker eksplike nou sik vyolans lan yon fason, daprè li posesis maltrete moun nan gen yon jan li evolye. Li di premye faz yo se sa yo: Faz akimilasyon e ogmantasyon tansyon: Kòmansman faz sa vreman itil e lap ogmante dezantan. agresè a komanse bay kèk konpòtman vyolan, li di vye pawol ki ka blese moun nan, li mete kèk kontwol sou rantre e soti moun nan. (more…)
VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI)
Jeneral

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI)

Lè nap panse a sa ki rele vyolans lan tankou yon bagay ki ka fèt lakay, nan mitan kat mi ki ta sipoze bay sekirite e menmen la pè avek amoni, bay tèt fe mal, yon mal ke pèsonn paka dekri, sa baw anvi fèmen je, vire tèt ou epi chanje tèm. Men se yon bagay nou paka nye, paske li egziste. Vyolans nan kay se yon bagay ki la, e li pote gwo konsekans a moun ki viktim li an, a moun ki komèt li a, ak fanmi li e menm sosyete a. (more…)
POUKISA ANPIL MOUN PA RIVE KENBE REZOLISYON KOMANSMAN ANE YO?
Atik, Jeneral, Lavi

POUKISA ANPIL MOUN PA RIVE KENBE REZOLISYON KOMANSMAN ANE YO?

Chak ane ki kòmanse se souvan pi bon moman pou anpil moun chanje yon lòt paj nan vi yo. Sa lakoz anpil moun pran rezolisyon pou nouvo ane a. Men poukisa yon pakèt moun pa rive kenbe objektif sa yo ? Nan yon atik syantifik, Ray Williams montre chèchè yo egzamine pousantaj reyisit rezolisyon moun yo konsa: de (2) premye semèn yo sa ap mache byen men nan fevriye moun yo tounen dèyè. Epi lòt desanm, pi fò nan moun sa yo tounen kote yo te tanmen an, pafwa pi dèyè ke kote yo te kòmanse a. Poukisa anpil moun pa rive kenbe rezolisyon sa yo? Èske se fèblès osinon parès ki kouvri yo? Pi devan li di: Daprè chèchè John Norcross ak kòlèg li yo ki te pibliye rezilta yo nan Journal of clinical psychology, anviwon 50% nan popilasyon an pran rezolisyon chak kòmansman ane. Pami sak pi bon yo se ...