ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN

Depi plizyè deseni, deba sou sa ki gen awè avèk lekòl pran plizyè plas nan desizyon, nan prezan ak avni sosyete nou. Deba sa yo fèt nan tout nivo, tout kote (espas akademik , espas politik sitou nan epas mediatik yo). Kote yo ensiste anpil sou edikasyon kòm sèl grenn pyon sosyete nou an. Deba sa yo ki ap vire tout won sou zafè lekòl, chita sou yon kesyon fondamental.

kòman nou ka ede osnon kòman nou dwe timoun yo reyisi nan sistèm eskolè a?
Ta sanble paran yo se premye edikatè timoun, yo ede timoun yo devlope konpetans konitiv yo ak sosyal yo. Men, kòman paran an enfliyanse reyisit eskolè timoun nan ? Ki wòl ankadreman paran dwe jwe pou reyisit eskolè timoun nan ? Pou nou avanse, konpòtman paran yo ta sanble jwe yon wòl enpòtan nan rezilta eskolè timoun yo. Li parèt tou, kòmkidire se jan fanmi timoun nan estriktire a ak estati pwofesyonèl paran yo.

An Ayiti, analiz yo fè chak jou ta sanble montre echèk eskolè timoun yo pa senpman sòti nan sistèm edikatif lan ki chaje pwoblèm (analiz yo fè yo) men tou, yo sòti nan neglijans paran yo nan pwosesis akonpayman timoun yo. Eske ledikasyon timoun yo, sitou reyisit eskolè li pa ta dwe sou kont paran yo? Timoun yo pase plis tan lakay yo pase nan lekòl yo. Se papa ak manman timoun nan ki pou ba li asistans chak jou nan zafè lekòl li pou pèmèt yo rete sou bon chimen.

De modèl analiz ki travay sou fenomèn sosyal sila a se sikològ klinisyen ak sikològ sosyal.
Nan sikoloji gen 2 modèl analiz k ap toke kòn: yon kote nou jwenn diskou sikològ klinisyen yo, kote kèk ladan yo apiye pèspektiv ak konsèy sou teyori sikanalitik ki genyen kèk resanblans nan fondman teyorik yo.

(Oberto ,Alain sotto,2006) Helène Bise Legrand Bijou 1996) elatriye. Genyen kèk propozisyon kèk analiz ak kèk konsèy ki sòti nan pratik sikoloji oubyen pediatri, kote yo montre plizyè ka pou yo fè demonstrasyon yo, men, sa ki plis atire atansyon nou se diferans ki genyen nan desizyon yo pran sou sak byen fèt osnon mal fèt nan kèk pratik paran tankou: otorite, presyon wòl paran an nan reyisit eskolè timoun yo ,sitou adolesan yo. Yon lòt kote, nou gen diskou teyorisyen sikoloji sosyal yo ki bay tèt yo kòm devwa pou egzamine relasyon ki genyen nan mitan pratik paran oubyen egzesis fonksyon paran yo ak reyisit eskolè epi sipò mwayen sistemik (Baumerind)1966 ;Kellerhals et al., 2005 ;etc). Rezilta travay sa yo chita sou demach anpirik yo, kote yo idantifye sou plan kòlèk enfòmasyon ak tretman kesyon rechèch . Demach yo pito chèche verifye oubyen idantifye fòs ankadreman paran genyen sou reyisit eskolè timoun.

Konsekans estil paran sou aktivite eskolè timoun
Baumerind Diana ki se yon sikològ klinisyen ameriken (1966) avèk Kellehals Jean epi Montandon ki se 2 sosyològ (1991), prezante twa estil paran. Analiz yo (twa estil paran) montre kote yo sanble avèk yon tikal diferans lòd konseptyèl. Baumerind (1966) pale de estil ‘’éducatif permissif’’, kote li montre paran yo pa gen ase kontwòl sou timoun nan epi yo ankouraje yo anpil, sa ki vle di paran yo bay timoun nan tout libète l, sipòte l sitou nan aktivite eskolè li, daprè otè a. Dezyèm ‘’style éducatif’’ Baumerind propoze a se yon ‘’style autoritaire’’. Mòd otoritè sa a chita sou plis kontwòl paran an genyen sou aksyon timoun nan ak yon kout men tou piti nan aktivite timoun nan, sa vle di paran yo kontante yo kontwole konpòtman ak aksyon timoun yo san yo pa sousye de reyisit eskolè yo. Dènye estil lan voye nou dirèk dirèk nan ‘’style democratique ou structurant’’, kote paran an kontwole timoun nan anpil epi kote li ede li anpil nan aktivite lekòl li.

Nan menm liy analiz sila, KELLERHALS Jean ki se yon sosyològ fransè ak MONTANDON Cléopatre ki se sosyològ tou (1991), pale pito de “style contractualiste” , ”style statutaire” ak “style maternaliste”. Premye estil la pèmèt timoun nan yon jan otonòm. Paran an pran responsabilite pou li motive timoun nan oubyen itilize teknik pou li kontwole li ak antouraj li, Yon wòl ki pa twò depaman de manman oubyen papa. Nan dezyèm estil la, Kellerhals ak Montadon montre paran yo bay valè akomodasyon yo gwo enpòtans. yo fè yon kontwòl ki gen presyon : wòl fanm/gason pa menm , gwo diferans bò kote papa ak manman, gwo rezèv bò kote ajan ki pa nan sosyete a.
Anfen, dènye “style éducatif” la pito bay konfòmite kèk priyorite , kontwòl dirèk sou aksyon timoun yo, diferans papa ak manman ,Yon ti kras ouvèti deyò men, proksimite nan mitan papa ak manman.

Duru- Bellat Marie ak Van Zanten Agnès ki se 2 sosyològ fransè (2006), analize kesyon ki rele’’ hierachie social’’ la 2 fason. Premye fason an se kote paran yo ofri timoun yo sa Ki rele otonomizasyon objektif. Yo kite timoun yo fè efò pa yo nan aktivite eskolè yo tankou fè devwa yo ak etidye leson yo pou kont yo, san paran yo pa ede yo. Nan dezyèm fason an, paran yo adapte yo ak tout kalte chanjman timoun nan ka jwenn sou wout li.
Yo aprann li règ sosyete an. Analiz M.Duri Bellat ak A.Van Zanten (2006) pa twò fin dakò ak analiz Baumrind ; Kellerhals ak Montandon. Analiz yo montre “style éducatif permissive” paran yo pran an pa bon pou relasyon pwofesè ak elèv yo, paske timoun yo prezante pwoblèm “hyper activité” ak kèk twoub aprantisaj, sa ki ka kofre rezilta eskolè li. Kidonk ,timoun ki sòti nan estil paran “permissif” yo aji yon jan awogan bò kote kamarad yo ak pwofesè yo.
Otè yo montre tou, nan estil paran otoritè (Baumerind yo ak Kelllerhals, Montandon) ki mete yon kontwòl makout sou timoun yo, pwovoke yon konpòtman inyorans kay timoun nan. Pou yo, konpòtman kite timoun yo fè sa yo vle ( permissivite) paran yo afiche an, konn fè timoun nan vin gen pwoblèm atansyon ak aprantisaj , avèk atitid ki fè yo pa respekte pwofesè yo ak kamarad yo; yon kontwòl bout fè bay laperèz ak pasivite epi yon konpòtman obsesyonèl (Duri-Bellat ak Van Zanten 2006)

Kontèks estati pwofesyonèl paran nan reyisit eskolè timoun yo.
Daprè yon ankèt PISA : “Programme international pour le suivi des acquis des elèves” ki fèt chak twa lane, kote timoun ki gen 15 lane nan 34 peyi manb OCDE ak plizyè lòt peyi ki asosye avèk li sou syans edikasyon nan sikoloji oubyen lòt syans, montre wòl manman ak papa fondamantal nan transmisyon yon kilti deklas ak nan amelyorasyon rezilta eskolè. Estati pwofesyonèl paran yo souvan kole ak lòt aspè estati sosyo-ekonomik , epi li gen yon lyen nan pèfomans elèv yo. Egzanp distans nan matematik :elèv ki nan “quartiles” ( se yon tèm ki kalifye chak kat pati ki egal nan yon ansanm statistik ki òganize, Sòti nan pipiti ale nan pi gran) pi plis pase endis PISA nan estati pwofesyonèl ( sa vle di timoun ki gen paran yo ki medsen, pwofesè inivesite, jiris elatriye) ak elèv ki nan “ quartile” Pi ba endis lan (sa vle di timoun ki gen paran yo ki se agrikiltè ,chofè chay lou , sèvant, Elatriye.) fè pou pito 93 pwen nan ankèt la, oubyen plis nivo mwatye konpetans nan echèl kilti matematik osnon yon eka tip (16.4 inite) nan endis PISA nan estati pwofesyonèl ki koresponn ak yon diferans mwayèn pèfomans ak 34 pwen.

Diferans mwayèn pwen sa rete nan lòd 21 pwen si Pa gen lyen nan mitan pwofesyon paran ak lòt faktè sosyo – ekonomik. Sou echèl kilti matematik, nan lòt fason yo, paran ki al lekòl yo ta sanble pi bon pou reyisit eskolè timoun nan. Distans ki genyen nan pèfòmans yo konn enpòtan nan peyi Almay, Beljik , Lafrans , Ongri , Luxembourg ak Liechtenstein , elèv ki nan ‘’quartile ‘’ ki pi piti nan endis estati pwofesyonèl yo mwens 2,3 fwa pi fasil nan katye enferyè nan repatisyon nan pwen matematik. Rezilta PISA 2003 montre se pa paske elèv yo ap viv nan milye defavorize Ki fè pèfòmans yo pi fèb , men li montre kote fanmi elèv la rete a se youn nan faktè ki jwe anpil nan pèfomans eskolè timoun lan.

Rezilta eskolè timoun ( Monoparantal)
Rezilta ankèt PISA montre timoun k ap viv ak yon sèl paran swa manman oubyen papa, vin difisil pou paran an kreye yon anviwònman pou li pwoteje li, fè edikasyon timoun lan ak responsabilite menaje li genyen sou kont li. Rezilta sa yo montre, gen nan kèk peyi distans pèfòmans sa yo pa bon pou timoun k ap viv ak yon sèl paran. Nan Peyi Beljik, Etazini, Iland, Peyiba ak nan Peyi Sid yo , elèv k ap viv nan’’ Quartile’’ ki pi piti yo nan repatisyon pwen nan matematik pa rapò ak elèv ki ap viv ak tou de paranl. Etid sa yo montre elèv k ap viv avèk tou de paran yo bay pi bon pèfomans nan aktivite eskolè li pa rapò ak lot elèv ki ap viv ak yon sèl paran.

Konsekans kominikasyon / ankourajman/paran nan aktivite eskolè timoun nan
Skinner , Frederic Burrhus ki se yon sikològ beyavioris lè paran an kominike avèk timoun yo , lè li pale ak yo, Li ka ankouraje yo epi montre yo li enterese ak pwogrè yo ap fè, kit se nan lekòl osnon aktivite sosyal yo. Otè yo montre angajman paran pran ak reyisit eskolè timoun yo makònen. Li t ap enpòtan si aksyon piblik kolabore Ak paran yo sitou Sila Nivo entèlèktyèl yo ba anpil sa ap ede mòd kominikasyon paran an Ak timoun yo ale pi byen epi nan lekòl yo ye, yon fason pou nou amelyore aprentisaj elèv yo.

Pou nou vanse pi lwen, senk (5) teyorisyen sa yo: Hoover-Dempsey Kathleen ki se yon sikològ edikasyon, Epstein Joyce ,Deslandes Rollandes ,Skinner Frederik Burrhus ak DEslandsheere Gilbert esplike fòs relasyon ankadreman paran genyen sou reyisit eskolè timoun nan.

Teyori Hoover Dempsey Kathleen esplike patisipasyon paran nan aktivite lekòl timoun nan selon konpetans paran te genyen nan aktivite eskolè li ak selon tou jan paran konprann wòl li antanke paran. Yon lòt kote , gen apwòch Epstein ki konsidere relasyon timoun lan ki baze sou lekòl tankou yon dimansyon menm nan fonksyon paran.

Teyori Deslandes, pou li menm , esplike chita pale paran ak timoun yo Ki baze sou lekòl tankou yon dyalòg ki fèt nan mitan tout kalte aktivite lekòl timoun nan. Yon pwosesis kote paran yo pale avèk timoun nan, Yon fason pou li gentan wè difikilte eskolè timoun nan genyen epi bouche tou vid yo. Genyen teyori Skinner an ki devlope 2 lwa: “loi de l’habitude ‘’ kote paran yo dwe prepare yon pakèt eksèziz pou abitye timoun nan fè anpil efò ak ‘’loi d’essais’’ kote timoun nan se yon apranti, l ap aprann gras ak erè l ap fè nan pil ekzèsis yo. Pou nou fini, nou gen apwòch DE Landsheere ki montre paran yo tankou asistan pedagojik nan kay la. Selon apròch sa ,reyisit eskolè yon timoun depann de enplikasyon paran an nan aktivite eskolè li ; se yon pratik De Landsheere rele: “Apprentissage assistée ou mode tutorial intelligent “ ki pèmèt paran yo asiste pwofesè a, kote li ofri timoun nan resous nesesè , Ki pèmèt Li gen kapasite rezoud pwoblèm Li rankontre.

Boutofon, ankadreman paran nan aktivite eskolè timoun nan lakay li amelyore pèfòmans eskolè timoun nan. Nou ka di tou reyisit eskolè timoun pa depann sèlman de ankadreman paran nan aktivite eskolè timoun nan kay la, men, tou jan fanmi an fonksyone, estil paran, ak estati pwofesyonèl paran an genyen. Antouka, yon paran ki swete timoun li reyisi nan zafè lekòl dwe foure kò Li chak jou nan aktivite timoun nan (devwa Li ak leson Li). Li dwe kontwole li demokratikman sa vle di mete kèk règ kòm gid pou timoun nan, pou l ede reyisi nan aktivite eskolè li.

Bibliografi
BAUMRIND, Diana (1966), Effects of authoritative parental control on child behavior, « Child development », vol. 37, n° 4
BISE, Helène et CORINNE, Goodman (2004), J’aide mon enfant à réussir à l’école, Odile Jacob, Paris.
DELANDSHEERE, Gilbert, (1991), L’éducation et la formation, Puf, Paris.
DESLANDES, Rollande (1995), Validation d’instruments de mesure du style parental et de la participation parentale dans le suivi scolaire, « Revue Mesure et Évaluation en DESLANDES, Rollande et CLOUTIER, Richard (2005), Pratiques parentales et réussite scolaire en fonction de la structure familiale et du genre des adolescents, « Revue française de pédagogie », vol. 151, no 1. DE LANDSHEERE, Gilbert, Introduction à la recherche en éducation, Puf, Paris, 1970.
DURU-BELLAT, Marie & VAN ZANTEN, Agnès (2006), Sociologie de l’école, DURU-BELLAT, Marie & VAN ZANTEN, Agnès (dir.) (2009), Sociologie du système éducatif : Les inégalités scolaires, Presses universitaires de France, Paris.
Armand Colin, Paris.
EPSTEIN, Joyce, (2001). School, family, and community partnerships: Preparing educators and improving schools, CO: Westview Press, Boulder.
FAYOL, Michel & MORAIS, José (2004), La lecture et son apprentissage, « In L’évolution de l’enseignement de la lecture en France », Ministère de l’Éducation nationale, Paris.
FAYOL, Michel & MORAIS, José (2004), La lecture et son apprentissage, « In L’évolution de l’enseignement de la lecture en France », Ministère de l’Éducation nationale, Paris
HOOVER-DEMPSEY, Kathleen V. et SANDLER, Howard.M, (1995), Parental involvement in children’s education: Why does it make a difference?, Teachers College Record, vol. 97.
KELLERHALS, Jean & MONTANDON, Cléopâtre (1991), Les stratégies éducatives des familles : Milieu social, dynamique familiale et éducation des préadolescents, Neuchâtel, Paris.
LAUTREY, Jacques (1995), Classe sociale, milieu familial, « intelligence »: Presses universitaires de France, Paris.
LEGRAND, Bijou (1990), Coup d’œil sur la famille haïtienne, éd. des Antilles S.A., LEGRAND, Bijou (1996), Education positive (à l’adresse des parents et éducateurs), Editions AREYTOS, Port-au-Prince.
OBERTO, Varino et ALAIN, Sotto (2006), Aider votre enfant à réussir, « un guide à l’usage des parents plus de 200 conseils et méthodes pour l’école et pour le collège,Edition Hachette, Paris.
OCDE 2004 Apprendre aujourd’hui , reussir demain – Premiers resultats de PISA 2003
TA ZOUTI, Youssef et al. (2005), Comparaison des relations entre l’éducation parentale et les performances scolaires dans deux milieux socioculturels contrastés (populaire et non populaire) : Pratiques éducatives familiales et scolarisation, « Revue française de pédagogie », n° 151, France.
SKINNER, Frederic Burrhus, 1957, Verbal Behavior. Prentice Hall, U.S.
TA ZOUTI, Youssef et al. (2005), Comparaison des relations entre l’éducation parentale et les performances scolaires dans deux milieux socioculturels contrastés (populaire et non populaire) : Pratiques éducatives familiales et scolarisation, « Revue française de pédagogie », n° 151, France.
www.erudit.org/revue/rse/2005/v31/…/013915ar.htm…, consulté le 28 septembre 2017.
VAN ZANTEN, Agnès (2009), Le travail éducatif parental dans les classes moyennes et supérieures : Deux modes contrastés d’encadrement des pratiques et des choix des enfants, « Revue Informations sociales », n° 154.

​Atik: Tamara PIERRE etidyant sikoloji sosyal nan Fakilte Etnoloji

Facebook Comments