LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD
LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD Depi plizyè deseni, yo te toujou ap kesyone sou sa ki gen awè ak pwoblèm tande a. Britsoukou yo rayi li, renmen wè l, pouse do li, mete l sou kote oubyen adore li. Moun soud yo ap eseye atire atansyon. Gras ak laprès, pwoblèm tande a se yon sijè ki kòmanse ap pale kote anpil moun kòmanse aprann sou sa. Malgre tout deba sou fenomèn sosyal sa, moun ki pa soud sa vle di moun ki tande yo, pa janm chèche konnen kouman lavi yon moun ki soud espesyalman yon paran ki fè yon timoun ki gen pwoblèm tande konprann devlopman fizik ak sikolojik timoun sa a k ap grandi. Yo defini nosyon Fanmi an kòm yon gwoup ki gen ‘paran ak timoun’ ki chita nan yon estrikti sosyal byen espesifik. Sikopedagòg LAFON Robert defini nosyon ‘Fanmi’ an de fason: yon gwoup sikososy...









