TWOUB PESONALITE: NASISIK

Maladi Pèsonalite yo se modèl konpòtman ki pèsiste apre yon sèten tan e yo san souplès, kidonk yo afekte fonksyonman sosyal moun nan. Nan twoub pèsonalite Nasisistik la, moun lan ekzajere enpòtans li avèk èd li ka pote oubyen siksè li nan imajinasyon l. Pou moun sa yo li trè difisil pou yo aksepte kritik epi anjeneral yo montre kòlè oswa wont anpil.

Daprè DSM V (2013), kritè ki pou ranpli pou yo di yon moun gen twoub pèsonalite Nasisik la dwe:

Yon modèl ki pèsistan nan grandè (nan fantezi oswa konpòtman), bezwen admirasyon ak mank de senpati ki kòmanse nan adilt ak rive nan yon varyete de kontèks, jan sa endike nan 5 oswa plis nan sa yo nou pral site yo la:

  1. Li gen yon gwo sans enpòtans pou pwòp tèt li (pa egzanp, li ekzajere reyalizasyon l, talan l, li espere rekonesans kòm yon siperyè san li pa reyalize anyen).
  2. Li ekzajere siksè, pouvwa, bote l, oswa lanmou.
  3. Li kwè ke li espesyal epi inik, li panse li ka sèlman asosye l oswa konprann pa lòt moun ki gen gwo estati oswa yon enstitisyon espesyal.
  4. Li egzije anpil admirasyon.
  5. Li santi li gen dwa (pa egzanp, ap atann yon trètman patikilye).
  6. Li se yon eksplwatè (li pran avantaj de lòt moun pou pwòp rezon li).
  7. Manke anpati: li pa rekonèt santiman oubyen nesesite lòt moun.
  8. Li souvan evite lòt moun oswa kwè lòt moun jalou de li.
  9. Montre atitid awogan ak ògeye.

Prevalans maladi sa a estime ant 0 ak 6.2%. Konsènan devlopman maladi sa, karakteristik nasisik la ka kòmanse nan adolesan, men sa pa vle di twoub la ap devlope nan laj majè.

Nan moun yo dyagnostike ak maladi sa a, ant 50 ak 75% se gason. Lè y ap fè dyagnostik sa, yo dwe pran an konsiderasyon:

  1. Lòt maladi ak lòt karakteristik pèsonalite (fè distenksyon ant maladi pèsonalite aktè, antisosyal oswa Borderline).
  2. Epizòd maniak (an patikilye imajinasyon nan grandè moun sa, men yo ka distengel pa asosyasyon ak chanjman ki fèt nan atitid la).
  3. Sèvi ak sibstans tankou dròg.

 

 

Sous :American Psychiatric Association. (2013). Diagnostic and statistical manual of mental disorders (5th ed.). Washington, DC

Facebook Comments