Month: January 2019

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi, Sante

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI

Pou moman sa gen anpil sòt de terapi ki ap ofri sou mache a. Pou yon konsomatè ka proteje epi jwenn pi bon sèvis, li dwe konnen pou l ka chwazi sa ki bon pou li a. Anpil moun pase yon pil tan ap chèche yon bon dantis pande ke lè pou yo ta chwazi yon terapet yon pa pran sa an konsiderasyon. Si ou ale kay yon dantis epi ou wè dan w ap pi mal ou ap fè yon jan pou w kite doktè sa, men gen moun malgre yo ap swiv yon terapet pou plizyè ane epi yo pa jwenn soulajman yo rete ladan. Men kèk konsèy pou chwazi yon bon terapet epi jwi de yon bon terapi: Konn kilè pou kòmanse. Si ou gen yon pwoblèm ki pèsistan epi ou pa konn kòman pou rezoud li, pwoblèm sa fè moun sa pa janm ka alèz, oubyen li gen plis ke 6 mwa, petèt li ka tan pou moun sa fè yo ede l. Bay tèt ou yon objektif. Bat pou kon...
KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?

Konfli se yon sitiyasyon nou paka twò evite, depi gen relasyon ant moun li ap la. Men konfli kèk fwa se yon bon bagay li ye : li ka pèmèt ou eksprime emosyon w epi li ka yon okazyon pou w komanse yon dyalòg. Men toutfwa konfli ant adolesan avèk paran yo, malgre li gen benefis, li se yon sitiyasyon ki ka penib. Adolesan yo lè yo nan stad sa yo dejà santi ke yo gen yon kapasite entèlektyèl ki devlope, yo santi ke yo gen yon bezwen pou egzèse kapasite sa, fason pou yo egzèse l se nan opoze yo a sa paran yo di. Epi paran yo menm ki konnen yo gen konpetans yo vle timoun yo soumèt yo anba pisans yo. Gen kat(4) prensip pou limite sitiyasyon ki ka mennen a konfli. Prensip sa yo yon adolesan ka swiv yo, men inisyativ pou iltilize l la dwe soti kote paran yo. Paske nòmalman se paran ki pou ba...
ESKE W GEN CHANS?
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

ESKE W GEN CHANS?

Genyen ki di chans se pwobabilite ki genyen pou w jwenn yon bagay san fè pyès efò, se yon aza. Konsa tou genyen l֧òt ki di se lèw byen prepare w epi fè tout efò ki nesesè pou jwenn bon rezilta. An reyalite kisa chans lan ye? Pi gwo diferans ki genyen ant yon moun ki gen chans ak yon moun ki pa gen chans, se kapasite pou detekte epi pwofite yon opòtinite sou nenpòt fòm li kapab prezante. Chans bay bèl dan ak sèlman moun ki odasye. Chans se yon pon ki nan mitan yon bèl opòtinite ak yon bon preparasyon. Chans se konpetans melanje ak travay. (more…)
NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?
Atik, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?

Chak ane pifò moun fè yon pil rezolisyon avèk lis sa yo ta renmen akonpli pou nouvo ane a, an general nou panse ke yon ane ki ap komanse se yon bèl opòtinite pou kreye nouvo rezolisyon oubyen akonpli nouvo bagay nan lavi nou, sa ke anpil moun wè ki ta yon bon ide, konsa tou gen panse kontrè a sa. Gen moun ki di ke fè yon lis pou yon nouvo ane kote ou etale tout sa w ta anvi yo, fè ke yo gen chans pou yo akonpli, konsa tou nou ka wè anpil moun bliye lis sa sou 2 semèn. Kisa ki ka fèt nan ka yon moun ke chak ane ki paka akonpli menm youn nan tout rezolisyon li te fè yo? (more…)