Day: January 29, 2019

KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?

Konfli se yon sitiyasyon nou paka twò evite, depi gen relasyon ant moun li ap la. Men konfli kèk fwa se yon bon bagay li ye : li ka pèmèt ou eksprime emosyon w epi li ka yon okazyon pou w komanse yon dyalòg. Men toutfwa konfli ant adolesan avèk paran yo, malgre li gen benefis, li se yon sitiyasyon ki ka penib. Adolesan yo lè yo nan stad sa yo dejà santi ke yo gen yon kapasite entèlektyèl ki devlope, yo santi ke yo gen yon bezwen pou egzèse kapasite sa, fason pou yo egzèse l se nan opoze yo a sa paran yo di. Epi paran yo menm ki konnen yo gen konpetans yo vle timoun yo soumèt yo anba pisans yo. Gen kat(4) prensip pou limite sitiyasyon ki ka mennen a konfli. Prensip sa yo yon adolesan ka swiv yo, men inisyativ pou iltilize l la dwe soti kote paran yo. Paske nòmalman se paran ki pou ba...