Day: January 31, 2019

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi, Sante

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI

Pou moman sa gen anpil sòt de terapi ki ap ofri sou mache a. Pou yon konsomatè ka proteje epi jwenn pi bon sèvis, li dwe konnen pou l ka chwazi sa ki bon pou li a. Anpil moun pase yon pil tan ap chèche yon bon dantis pande ke lè pou yo ta chwazi yon terapet yon pa pran sa an konsiderasyon. Si ou ale kay yon dantis epi ou wè dan w ap pi mal ou ap fè yon jan pou w kite doktè sa, men gen moun malgre yo ap swiv yon terapet pou plizyè ane epi yo pa jwenn soulajman yo rete ladan. Men kèk konsèy pou chwazi yon bon terapet epi jwi de yon bon terapi: Konn kilè pou kòmanse. Si ou gen yon pwoblèm ki pèsistan epi ou pa konn kòman pou rezoud li, pwoblèm sa fè moun sa pa janm ka alèz, oubyen li gen plis ke 6 mwa, petèt li ka tan pou moun sa fè yo ede l. Bay tèt ou yon objektif. Bat pou kon...