PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL

Pale de sante se yon sijè ki ap diskite toupatou nan mond lan. Enpòtans sante fè anpil politik fèt ak anpil lajan envesti nan Leta ak gwo òganizasyon yo pou fè prevansyon ak dekouvri tretman pou konbat maladi nan objektif pou moun ka viv pi byen. Men, domèn sante tèlman gen branch ki nesesè, genyen ladan yo ki neglije oubyen ekate pou bay kèk lòt plis enpòtans. Se sak fè depi yon pakèt syèk yo te plis panche sou maladi nan kò (sante fizik) pase maladi lespri (sante mantal) paske yo konsidere maladi lespri yo tankou yon mal sosyal ki pa depann de sante fizik. Men, eskè nou ka pale de lasante sanke nou pa konsidere sante mantal ak sante fizik ? Si gen dezekilib nan mitan fonksyonnman kò a ak lespri a èske li nòmal ?

Konstitisyon Òganizasyon Mondyal Lasante defini lasante tankou se yon eta konplè byennèt fizik, mantal ak sosyal e ki pa sèlman absans maladi ak enfimite. Sante mantal li menm, se yon konpozant esansyèl lasante. Li se yon eta byennèt kote anndan li yon moun ka reyalize tèt li, byen fè fas kare ak tansyon nòmal lavi a, akonpli yon travay pwodiktif epi kontribye nan lavi kominote li. Nan sans pozitif sila, sante mantal se poto mitan byennèt yon moun ak bon fonksyonnman yon kominote.

Veritab koz twoub mantal yo
Sa ki detèmine sante mantal yon moun se faktè sikolojik ak biyolojik nan yon moman espesifik. Presyon sosyo ekonomik ki ap vale teren se yon faktè tou yo rekonèt ki ka trennen pwoblèm sante mantal nan kominote yo. Done moun ka fè plis konfyans tou se sa ki dekri endikatè povrete ak sitou lè moun yo gen yon nivo enstriksyon ki fèb. Pwoblèm sante mantal makònen tou ak chanjman rapid ki gen nan sosyete yo, kondisyon travay ak presyon yo, diskriminasyon yo, move lavi nan salte yo, vyolans ki ka genyen yo ak move sante fizik yo epi vyolasyon dwa moun yo. Pou ale pi lwen, kèk pwofil sikolojik ak trè pèsonalite predispoze tou pou moun soufri twoub mental yo. Epi, twoub sa yo ka gen orijin biyolojik sitou ak faktè jenetik ki kontribye nan dezekilib chimik sèvo a.

Anpil fwa yo konsidere sante mantal tankou yon domèn pou kont li oubyen yon espesyalite ki paralèl ak sistèm sante jeneral piske prensipal travay li se chèche trete twoub lespri yo. Lontan, yo te konsidere twoub newolojik ki soti nan sèvo tankou pwoblèm apa ki pa egzije okenn siveyans fizik. Men, plis jou pase, nou remake yo rekonèt gen koneksyon enpòtan nan mitan yon bon sante mantal ak yon bon eta sante. Twoub mantal yo ka gen konsekans sou sante fizik, epitou, anpil maladi fizik ka trennen pwoblèm sante mantal. Anplis, etid yo montre tou, moun ki fè maladi mantal grav ki pèsiste yo gen risk de fwa plis pou prezante plizyè pwoblèm sante fizik. Poutan, malgre yo rekonèt koneksyon kò a ak lespri ak komòbidite siyifikatif twoub fizik ak mantal yo, jouk jounen jodi milye medikal la pa bay yon atansyon ki sifi ak sistèm yo ki ta ka pèmèt yo idantifye wout sistèm sante a dwe swiv pou li ranpli espas vid ki separe aspirasyon yo de reyalite a.

Pwoblèm sante mantal nan lemonn
Òganizasyon Mondyal Lasante idantifye pwoblèm sante mantal yo tankou premye pwoblèm mondyal sante piblik. Nan lojik pou detekte twoub mantal yo depi nan bay swen primè yo, Sharma ak Copeland4 montre pwoblèm sante mantal yo se yonn nan prensipal koz andikap nan lemonn. Malgre devlopman pakèt nouvo tretman maladi mantal yo, anpil moun ki ap soufri pa resevwa èd yo bezwen an e yo rete nan soufrans lan an silans. Sa fèt nan peyi devlope yo ak diskou negatif ki vlope maladi mantal yo ki anpeche moun ki afekte yo pa mande èd kèlkeswa nati twoub mantal yo a. Anplis, sèvis swen sante primè yo pa gen ni fòmasyon ak konpetans nesesè pou detekte ak trete moun ki gen pwoblèm sante mantal. Nan peyi ki pa gen twòp resous yo, gen yon move kalite swen sante mantal akoz pa gen pèsonèl sante ase. Peyi sa yo gen yon ti kras medsen e mwens sikyat. Nan sans sila, genyen pase yon milye moun ki gen twoub mantal k’ap viv san laswenyay e pa gen okenn repons posib pou sante mantal.

Sante mantal nan peyi Dayiti

Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante, sante mantal se dezyèm pwoblèm sante piblik an Ayiti. Men an Ayiti, pwoblèm sante mantal yo souvan makònnen ak fòs malefik. Nan sa ki gen pou wè ak sentom espesifik sante mantal ak twoub mantal, depi nan lane 2010 pa gen okenn done moun ka fè konfyans sou prevalans pwoblèm sante mantal. Chif yo pa bay okenn ide sou prevalans reyèl twoub yo nan kominote a5. Nan entèvyou li bay Le Nouvelliste, direktè depatman sante mantal nan Fakilte Lamedsin lan, doktè Hans Lamarre, fè konnen sante mantal pa yon priyorite pou gouvènman ayisyen an. Absans politik sante mantal vin fè pa gen yon reyèl planifikasyon sèvis yo. Sistèm sante mantal la gen yon ti ponyen pwofesyonèl. Ti ponyen sila plis bay sèvis nan lakou Pòtoprens. Gen sèlman de (2) lopital sikyatri. Estatistik nou ka fè plis konfyans yo repere sèlman kenz (15) sikyat pou yon popilasyon ki gen 10 milyon moun ladan li. Kidonk, nan yon peyi kote moun ki gen maladi mantal ap ogmante anfas yon pakèt pwoblèm tankou : sitiyasyon kritik, resouzimèn ak finansye yo limite, enfrastrikti yo pa egziste, donk tablo sante mantal parèt lamantab.
Pou nou bout, lasante ak byennèt mantal enpòtan anpil pou moun, nan nivo endividyèl ak kolektif. Se pou sa pwomosyon, pwoteksyon ak retablisman sante mantal dwe preyokipasyon santral pou moun yo, kolektivite yo ak sosyete yo toupatou nan lemonn. E yon bon sante mantal se kapasite pou w adapte w ak jwenn ekilib nan tout sitiyasyon ki ka pwovoke dezekilib lakay ou oswa nan kò ou, nan panse ou, nan relasyon ou genyen ak lèzòt yo, elatriye. Donk  PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL

Bibliyografi ak webografi
1- Rapport sur la santé dans le monde, 2008.

2- Fédération mondiale pour la santé mentale. La santé mentale en soins primaires : améliorer le traitement et promouvoir la santé mentale,

3- Santé mentale au Québec, Culture et santé mentale en Haïti : une revue de littérature, 2010.

4- Organisation Mondiale de la Santé, Investir dans la santé mentale, 2004.

5- http://www.handipole.org/IMG/pdf/qu-est-le-handicap-psychique.pdf

6- https://www.lenouvelliste.com/article/179730/la-sante-mentale-classe-deuxieme-problemede-sante-publique-en-haiti

7- https://www.who.int/fr/news-room/fact-sheets/detail/mental-health-strengthening-ourresponse

8- https://www.ghdonline.org/uploads/doc_69.pdf

9- https://www.who.int/mental_health/action_plan_2013/fr/

Facebook Comments