Tag: sante fizik

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU
Jeneral

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl vi e gen pi bon rezilta nan domèn ou. Sèl bagay ki ka few reyalize rèv sa oubyen anpeche w, se abitid ou. Abitid se sa ou fè, jan ou konpòtew oubyen panse chak jou. Abitid ou defini bonè w ak malè w, li gen gwo pwa lou sou avni w. Abitid ou se ou menm menm. Malerezman ou paka efase move abitid ou yo, men ou ka ranplase yo grenn pa grenn pa yon bon abitid.  Pèdi tan, distraksyon, parès oubyen renmen bagay fasil, se pi gro ènmi ki ka anpeche w fè sa. Annou konprann anvan koman yon abitid boujonnen oswa grandi. Tout abitid kòmanse ak yon 1.Estimilasyon: sa ki ba w anvi pou w kòmanse fe yon bagay. Li kapab fizik, mantal oswa emosyonèl.   2.konpòtman: se reyaksyon ou genyen ak estimiliasyon sa, s...
PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL
Jeneral, Sante

PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL

Pale de sante se yon sijè ki ap diskite toupatou nan mond lan. Enpòtans sante fè anpil politik fèt ak anpil lajan envesti nan Leta ak gwo òganizasyon yo pou fè prevansyon ak dekouvri tretman pou konbat maladi nan objektif pou moun ka viv pi byen. Men, domèn sante tèlman gen branch ki nesesè, genyen ladan yo ki neglije oubyen ekate pou bay kèk lòt plis enpòtans. Se sak fè depi yon pakèt syèk yo te plis panche sou maladi nan kò (sante fizik) pase maladi lespri (sante mantal) paske yo konsidere maladi lespri yo tankou yon mal sosyal ki pa depann de sante fizik. Men, eskè nou ka pale de lasante sanke nou pa konsidere sante mantal ak sante fizik ? Si gen dezekilib nan mitan fonksyonnman kò a ak lespri a èske li nòmal ? Konstitisyon Òganizasyon Mondyal Lasante defini lasante tankou se yon eta k...