Tag: Ayiti

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi, Sante

SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI

Pou moman sa gen anpil sòt de terapi ki ap ofri sou mache a. Pou yon konsomatè ka proteje epi jwenn pi bon sèvis, li dwe konnen pou l ka chwazi sa ki bon pou li a. Anpil moun pase yon pil tan ap chèche yon bon dantis pande ke lè pou yo ta chwazi yon terapet yon pa pran sa an konsiderasyon. Si ou ale kay yon dantis epi ou wè dan w ap pi mal ou ap fè yon jan pou w kite doktè sa, men gen moun malgre yo ap swiv yon terapet pou plizyè ane epi yo pa jwenn soulajman yo rete ladan. Men kèk konsèy pou chwazi yon bon terapet epi jwi de yon bon terapi: Konn kilè pou kòmanse. Si ou gen yon pwoblèm ki pèsistan epi ou pa konn kòman pou rezoud li, pwoblèm sa fè moun sa pa janm ka alèz, oubyen li gen plis ke 6 mwa, petèt li ka tan pou moun sa fè yo ede l. Bay tèt ou yon objektif. Bat pou kon...
NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?
Atik, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?

Chak ane pifò moun fè yon pil rezolisyon avèk lis sa yo ta renmen akonpli pou nouvo ane a, an general nou panse ke yon ane ki ap komanse se yon bèl opòtinite pou kreye nouvo rezolisyon oubyen akonpli nouvo bagay nan lavi nou, sa ke anpil moun wè ki ta yon bon ide, konsa tou gen panse kontrè a sa. Gen moun ki di ke fè yon lis pou yon nouvo ane kote ou etale tout sa w ta anvi yo, fè ke yo gen chans pou yo akonpli, konsa tou nou ka wè anpil moun bliye lis sa sou 2 semèn. Kisa ki ka fèt nan ka yon moun ke chak ane ki paka akonpli menm youn nan tout rezolisyon li te fè yo? (more…)
KARAKTERISTIK YON MOUN GENYEN KI KA FÈ LÒT MOUN ENTIMIDE
Atik, Jeneral, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

KARAKTERISTIK YON MOUN GENYEN KI KA FÈ LÒT MOUN ENTIMIDE

Ke moun nan vlel oubyen li pata vle sa, gen karakteristik yon moun genyen lakay li ki fè li ka entimide lòt moun, epi sa ka koze li rale moun sou li, oswa moun plis respekte l, oubyen dekole moun sou li tou paske lòt moun pè endividi sa. Kòm definisyon entimide snou genyen se «lè ou santi ou pè, menase oswa estrese. » Yon moun ka gentan monte nan tèt ou aprè ou fin li definisyon an, oubyen ou panse ou se yon moun konsa. Ann wè sèt (7) nan karakteristik sa yo : 1- Moun sa ka li ou fasil Kapasite entwisyon moun sa fò, epi li fòme enpresyon egzat sou lòt moun nan moman menm li rankontre yo,li pa pè di w sa w ap fè ki mal, epi lap mete w nan plas ou yon ti moman. 2- Li pa nan pase wout pa bwa Se moun nou konn di ke yo dirèk yo,epi onèt. Moun ki pa nan kache ni pase plizyè chimen p...