Edikasyon

ESTRÈS SOU TOUT FÒM LI
Atik, Edikasyon, Sante

ESTRÈS SOU TOUT FÒM LI

Sòti sou moun ki pi vanyan pou rive sou sa ki li fèb la soufri sa yo rele « estrès » lan yon moman nan vi yo. Sitiyasyon sa a ka afekte tout moun. Daprè Hans Selye, medsen otrichyen/kanadyen , "estrès " se tout repons ki pa dirèk nan òganis lan, tout evènman reyèl oswa imajinè ki bay òganis lan pwoblèm. (more…)
TAKSAJ, YON MODÈL AGRESIVITE KI KOURAN LAKAY TIMOUN YO
Edikasyon

TAKSAJ, YON MODÈL AGRESIVITE KI KOURAN LAKAY TIMOUN YO

Nan sikoloji, sikanaliz ak sikoloji sosyal, agresivite vle di tout tandans yon moun genyen pou fè yon lòt moun oubyen yon lòt gwoup moun mechanste .Konpòtman agresif yo vini sou plizyè fòm men se vyolans fizik la ki pi remakab. Nou jwenn agresivite a nan mo ki blesan yo, nan vye blag yo, li kache kò li tou dèyè move konpòtman ajan sosyal yo ka genyen pandan y ap egzèse otorite yo. (more…)
ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi

ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN

Depi plizyè deseni, deba sou sa ki gen awè avèk lekòl pran plizyè plas nan desizyon, nan prezan ak avni sosyete nou. Deba sa yo fèt nan tout nivo, tout kote (espas akademik , espas politik sitou nan epas mediatik yo). Kote yo ensiste anpil sou edikasyon kòm sèl grenn pyon sosyete nou an. Deba sa yo ki ap vire tout won sou zafè lekòl, chita sou yon kesyon fondamental. (more…)
8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN

Moun ki imati emosyonèlman fòme pati de yon ti gwoup nan popilasyon an, menmsi yo rive nan granmoun,yo toujou rete ak menm kondwit ki melanje, yo aji san reflechi,yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo. Karakteristik sa yo se pwòp a jan timoun panse akoz ke yo manke devlope sistèm nève yo, yo pako ka panse a gwo mo tankou ‘’ kominote’’ oubyen ‘’avni’’. (more…)
IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi

IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS

Li vini yon bagay ki kouran nan peyi a pou jwenn yon gwoup moun, keseswa zanmi, vwazen, fanmi, chita ansanm nan yon moman detant ap diskite, boukante lapawòl. Echanj sa yo pi souvan konn gen blag, devinèt ak teyat. Estrateji sila a fèt nan objektif pou chache yon distraksyon, yon anbyans oubyen pou pran distans ak sitiyasyon moun ki nan sosyete a ap fè fas yo. (Amazan Bernadin, premye kongrè AHPsy) (more…)
DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN
Atik, Edikasyon, Sante

DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN

Nou te pale nou de kisa ki depresyon an deja ki vin fè avèk tit sa nou ka wè plizoumwen de kisa nou anvi pale lè nou di depresyon aprè akouchman. Depresyon aprè akouchman petèt nou pa twò pote atansyon a li, men se yon bagay ki pase souvan lakay yon fanm lè li fin akouche. Gen moun ki konn menm arive a pèdi bon sans yo menm aprè yon akouchman men gen trètman pou li, se sak fè li bon poun konnen siy yo e prete atansyon a yo. (more…)
“FÈ LEFOU POUW PA PEYE DWA” ( TWOUB MANTAL)
Atik, Edikasyon, Sante

“FÈ LEFOU POUW PA PEYE DWA” ( TWOUB MANTAL)

Nan lari Ayiti nou jwenn anpil moun ki sal, yap mache kò touni, pye atè, oubyen ak vye ranyon sou yo, yo lague san fanmi. Nou rele moun sa yo moun fou. Yo konn rakonte istwa sou yo kòman yo fè vin konsa, petèt moun sa te pase pa yon gwo pwoblèm epi yo di tèt li pati. Yo ka di se yon moun ki fèl tou, yon zanmi, yon fanmi, yon moun ki te rayil. (more…)
MWEN ADIKTE? (DEZYÈM PATI)
Atik, Edikasyon

MWEN ADIKTE? (DEZYÈM PATI)

Jan nou te pale nan premye atik la adiksyon se kondisyon ke yon moun jwenn li ke li ap pran sistans tanko alkòl,kokayin(se la yo pale de adiksyona dròg) oubyen lè yon moun antre nan yon aktivite pa egzanp jwèt aza, seks, achte (lè say o pale de adiksyon a yon konpòteman) aktivite sa yo oubyen sibstans sa yo ba moun sa plezi e sa vin tounen yon abitid lakay moun sa, kote li vin paka viv san li. (more…)
MWEN ADIKTE? (PREMYE PATI)
Atik, Edikasyon

MWEN ADIKTE? (PREMYE PATI)

Lè nou wè mo sa petèt nou panse ak dròg ak alkòl sèlman, men adiksyon malerezman pa rete sèlman sou de sibstans sa yo. Adiksyon an nou ka definil tankou yon aksyon abityèl yon moun konn fè, yon sibstans li konn pran oubyen yon aktivite ke moun sa pa panse, e ke bagay sa ka fini a ba li pwoblèm pi devan, li ka pwoblèm sante, pwoblèm ak sosyete a, pwoblèm finansye oubyen pwoblem mantal. (more…)
JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)
Edikasyon, Fanmi, Lavi

JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)

Bullying se yon mo anglè ke yo itilize pou yo ka dekri yon konpòteman de move je, ladan ou wè vye tapaj, pran plezi sou yon lòt, vye pawòl ki blesan, ignore yon mounn, atak fisik e psikolojik, abi, entimidasyon. Zak sa yo ka poze pa yon moun oubyen yon gwoup sou yon moun ki parèt fèb. (more…)