Atik

YON LANE TOUNEF, NOUVO OPOTINITE
Atik, Jeneral

YON LANE TOUNEF, NOUVO OPOTINITE

Pou anpil moun, yon lane ki chanje pa vle di anyen, se pa yon sipriz. Se tankou yo te sòti nan mwa mas ale nan avril. Nou menm nan SAK (SikolojiAnKreyòl) nou pa panse konsa paske yon lane ki fenk tanmen pote yon pakèt bagay tankou nouvo opòtinite, lòt enèji, e tout moun ka pwofite nan moman Sila a pou mete sou pye nouvo objektif epi kontinye travay sou sa yo tabli deja. (more…)
ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Jeneral, Lavi

ENFLIYANS ANKADREMAN PARANTAL NAN ZAFE LEKOL TIMOUN

Depi plizyè deseni, deba sou sa ki gen awè avèk lekòl pran plizyè plas nan desizyon, nan prezan ak avni sosyete nou. Deba sa yo fèt nan tout nivo, tout kote (espas akademik , espas politik sitou nan epas mediatik yo). Kote yo ensiste anpil sou edikasyon kòm sèl grenn pyon sosyete nou an. Deba sa yo ki ap vire tout won sou zafè lekòl, chita sou yon kesyon fondamental. (more…)
MOUN OU RENMEN AN SOUFRI DEPRESYON?
Fanmi, Lavi, Sante

MOUN OU RENMEN AN SOUFRI DEPRESYON?

Relasyon kote gen yon moun deprime yo nèf fwa plis gen chans pou fini nan divòs. Men se pa toujou yon mari oubyen madanm ki deprime; Pafwa li se yon timoun oswa yon lòt manm nan fanmi an. Nan atik sa , sepandan, nou pral konsantre sou yon patnè ki deprime. Pifò moun dakò ke relasyon an ta dwe 50/50. Nou tout konnen ke sa a se yon ideyal. (more…)
BIYOLOJIK OUBYEN SENBOLIK,SANTE AK MALADI RETE AVAN TOU DE FENOMÈN SOSYAL.
Atik, Sante

BIYOLOJIK OUBYEN SENBOLIK,SANTE AK MALADI RETE AVAN TOU DE FENOMÈN SOSYAL.

Sante ak maladi se de konsèp ki varye selon plizyè faktè,prensipalman,faktè kiltirèl la se youn nan faktè ki fè plis enpak nan lavi moun paske dimansyon kiltirèl la rantre tout kote epi li nan tout domèn.Nan sosyete nou an,nou toujou tande y’ap di : sante se zàm,kilti se richès paske sante se youn nan zouti ki pèmèt yon moun fè kilti li sonnen byen fò nan zòrèy lòt moun. (more…)
KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN
Atik, Fanmi, Lavi, Sante

KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN

Kisa kriz idantite kay granmoun nan ye? Tèm kriz idantite se sikològsosyal Erik Erickson (1972) ki defini li konsa : « se enkapasite yon moun genyen pou li gen pwòp idantite pa li ». Erik Erickson divize kriz idantite a an 8 stad, ki se fason kriz sila ka devlope nan vi moun. Men nou pap site tout stad yo. Si pi souvan chèchè yo plis pale de kriz adolesans, men kriz idantite a pa Sèlman fikse sou peryòd vi adolesans lan. (more…)
8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN

Moun ki imati emosyonèlman fòme pati de yon ti gwoup nan popilasyon an, menmsi yo rive nan granmoun,yo toujou rete ak menm kondwit ki melanje, yo aji san reflechi,yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo. Karakteristik sa yo se pwòp a jan timoun panse akoz ke yo manke devlope sistèm nève yo, yo pako ka panse a gwo mo tankou ‘’ kominote’’ oubyen ‘’avni’’. (more…)
IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi

IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS

Li vini yon bagay ki kouran nan peyi a pou jwenn yon gwoup moun, keseswa zanmi, vwazen, fanmi, chita ansanm nan yon moman detant ap diskite, boukante lapawòl. Echanj sa yo pi souvan konn gen blag, devinèt ak teyat. Estrateji sila a fèt nan objektif pou chache yon distraksyon, yon anbyans oubyen pou pran distans ak sitiyasyon moun ki nan sosyete a ap fè fas yo. (Amazan Bernadin, premye kongrè AHPsy) (more…)
PLANIFYE FANMI W
Atik, Fanmi, Sante, Siperasyon Pèsonèl

PLANIFYE FANMI W

Planifye yon fanmi vle di itilize mwayen pou w' genyen timoun paske ou vle genyen l san ke se pa yon obligasyon. Objektif la se chwazi moman ou vle a. Pou rezon sa nap ba ou kèk enfòmasyon sou sijè sa. Yon etid kite fèt an Ongri, Swèd epi Etazini montre ke timoun ki fèt nan entèval 2 zan ogmante de 5% a 10% risk pou timoun yo fèt avèk ti pwa, prematire oubyen mouri (Miller, 1991). An plis de sa lè yon timoun ap fèt moman sa se bèl bagay, si ou pat prepare pou li, li ap difisil pou w' adaptew a timoun sa antan ke paran. (more…)
MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP
Atik, Fanmi, Lavi

MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP

Jodi a nou pral pale sou yon sijè trè enteresan, ki se maryaj ak fanmi e relasyon. Avèk progresyon ki vin genyen nan preferans seksyèl, tout moun gen lide pwòp yo de kòman yo ka defini maryaj ak fanmi. Mwen deside ekri jodia sou maryaj tradisyonèl ant yon gason ak fanm. (more…)
DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN
Atik, Edikasyon, Sante

DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN

Nou te pale nou de kisa ki depresyon an deja ki vin fè avèk tit sa nou ka wè plizoumwen de kisa nou anvi pale lè nou di depresyon aprè akouchman. Depresyon aprè akouchman petèt nou pa twò pote atansyon a li, men se yon bagay ki pase souvan lakay yon fanm lè li fin akouche. Gen moun ki konn menm arive a pèdi bon sans yo menm aprè yon akouchman men gen trètman pou li, se sak fè li bon poun konnen siy yo e prete atansyon a yo. (more…)