KARAKTERISTIK YON MOUN GENYEN KI KA FÈ LÒT MOUN ENTIMIDE
Ke moun nan vlel oubyen li pata vle sa, gen karakteristik yon moun genyen lakay li ki fè li ka entimide lòt moun, epi sa ka koze li rale moun sou li, oswa moun plis respekte l, oubyen dekole moun sou li tou paske lòt moun pè endividi sa. Kòm definisyon entimide snou genyen se «lè ou santi ou pè, menase oswa estrese. » Yon moun ka gentan monte nan tèt ou aprè ou fin li definisyon an, oubyen ou panse ou se yon moun konsa. Ann wè sèt (7) nan karakteristik sa yo : 1- Moun sa ka li ou fasil Kapasite entwisyon moun sa fò, epi li fòme enpresyon egzat sou lòt moun nan moman menm li rankontre yo,li pa pè di w sa w ap fè ki mal, epi lap mete w nan plas ou yon ti moman. 2- Li pa nan pase wout pa bwa Se moun nou konn di ke yo dirèk yo,epi onèt. Moun ki pa nan kache ni pase plizyè chimen p...

