Tag: sante

MWEN ADIKTE? (DEZYÈM PATI)
Atik, Edikasyon

MWEN ADIKTE? (DEZYÈM PATI)

Jan nou te pale nan premye atik la adiksyon se kondisyon ke yon moun jwenn li ke li ap pran sistans tanko alkòl,kokayin(se la yo pale de adiksyona dròg) oubyen lè yon moun antre nan yon aktivite pa egzanp jwèt aza, seks, achte (lè say o pale de adiksyon a yon konpòteman) aktivite sa yo oubyen sibstans sa yo ba moun sa plezi e sa vin tounen yon abitid lakay moun sa, kote li vin paka viv san li. (more…)
DIFÈRANS ANT FANM AK GASON NAN PLIZYÈ ASPÈ
Atik, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

DIFÈRANS ANT FANM AK GASON NAN PLIZYÈ ASPÈ

Map komanse ti pale sa avèk grenn kestyon sa pou medam yo. Konbyen fwa ou konprann ke gason yo pa konprann santiman w’ vrèman ? Diferans ant fanm e gason fè anpil moun panse jiska yo ekri sou sa, san panse a difèrans nan fisik, biolojik, eske gen difèrans sikolojik la,oubyen difèrans nan sèvò a? (more…)
JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)
Edikasyon, Fanmi, Lavi

JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)

Bullying se yon mo anglè ke yo itilize pou yo ka dekri yon konpòteman de move je, ladan ou wè vye tapaj, pran plezi sou yon lòt, vye pawòl ki blesan, ignore yon mounn, atak fisik e psikolojik, abi, entimidasyon. Zak sa yo ka poze pa yon moun oubyen yon gwoup sou yon moun ki parèt fèb. (more…)
VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (DEZYÈM PATI)
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (DEZYÈM PATI)

Leonore Walker eksplike nou sik vyolans lan yon fason, daprè li posesis maltrete moun nan gen yon jan li evolye. Li di premye faz yo se sa yo: Faz akimilasyon e ogmantasyon tansyon: Kòmansman faz sa vreman itil e lap ogmante dezantan. agresè a komanse bay kèk konpòtman vyolan, li di vye pawol ki ka blese moun nan, li mete kèk kontwol sou rantre e soti moun nan. (more…)
VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI)
Jeneral

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI)

Lè nap panse a sa ki rele vyolans lan tankou yon bagay ki ka fèt lakay, nan mitan kat mi ki ta sipoze bay sekirite e menmen la pè avek amoni, bay tèt fe mal, yon mal ke pèsonn paka dekri, sa baw anvi fèmen je, vire tèt ou epi chanje tèm. Men se yon bagay nou paka nye, paske li egziste. Vyolans nan kay se yon bagay ki la, e li pote gwo konsekans a moun ki viktim li an, a moun ki komèt li a, ak fanmi li e menm sosyete a. (more…)
SIKOLOJI PROFESYONÈL
Atik, Edikasyon, Fanmi, Lavi, Siperasyon Pèsonèl

SIKOLOJI PROFESYONÈL

Jodia nou pral pale de sikoloji aplike oubyen sikoloji profesyonèl la. Kisa li ye? Sikoloji profesyonèl la li genyen pou li bay solisyon a pwoblèm nou e ede nou a bay bon randman de nou menm. Pati ki pi koni de sikoloji profesyonèl la yo se: (more…)