Month: July 2019

MIT LAKAY AYISYEN
Atik, Edikasyon, Jeneral, Lavi

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou jwenn y ap rakonte. Istwa sa yo souvan makonnen ak imaj yon bèt oubyen yon moun oubyen tou se yon istwa yo rakonte ou men ou pa janm viv menm yon segonn nan lavi ou . Mit lan se zèv yon gwoup savan ki marye ak yon sosyete osnon marande ak aksyon yon sosyete. Li egziste nan tout peyi sa ki vle di chak sosyete konstwi ak mitoloji pa yo. Pou sosyete ayisyen an , gen plizyè mit ki chita ladan. Men, nan atik sa a n ap eseye konprann kesyon lougawou a. ki se youn nan mit yo plis pale de li Lougawou Lougawou se youn nan mit ki chita lakay ayisyen. Li konstwi ak zannimo tankou ravèt, gwo papiyon nwa, chwal bwa, chòv-souri elt.. Nan byozowoloji, li rele bèt sa yo bèt ak zèl. Sa vle di bèt ki pa gen zo ( invertebré). Yo konst...
TES PREFERANS PWOFESYONEL KUDER : Echèl Kuder nan Preferans Vokasyonèl, li sèvi pou chwazi pwofesyon
Atik, Edikasyon, Jeneral, Siperasyon Pèsonèl

TES PREFERANS PWOFESYONEL KUDER : Echèl Kuder nan Preferans Vokasyonèl, li sèvi pou chwazi pwofesyon

Gen yon moman nan lavi chak moun gen yon kote yo gen pou deside kisa yo vle dedye yo pwofesyonèlman; pou sa ou dwe premye konnen sa ou renmen. Tès preferans pwofesyonèl Kuder se yon tès ki evalye aspè sa yo.  Yon tès ki ka retire yon moun nan dout pou chwa preferans pwofesyonèl li. Tès sa a pèmèt gide elèv ak granmoun ki pa konnen ekzakteman ki sektè oswa pwofesyon yo ka pran. Nan atik sa a nou pral konnen 10 echèl ke tès la evalye, epi ki karakteristik ki pi enpòtan ladan. (more…)
TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL
Atik, Jeneral, Lavi, Sante

TOUT MOUN KA SOUFRI YON TWOUB MANTAL

Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante, maladi se yon chanjman oubyen yon eka ki genyen nan sa ki gen pou wè ak eta fizyolojik nan yonn oubyen plizyè pati nan kò a kote evolisyon li plizoumwen previzib. Se nan sentom ak siy karakteristik yo ou dekouvri manifestasyon li. Nan tout sosyete yo sante ak maladi se eleman diskou, alò maladi tankou tout evènman nan egzistans moun mande yon eksplikasyon, fòk yo ba li yon sans (Dominique Lecourt, 2004). Maladi lèzom soufri yo divize an de (2) gwoup. Gwoup maladi fizik ki pran nesans nan kò ak gwoup maladi mantal ki pran nesans nan lespri. Men maladi mantal yo jounen jodi a se twazyèm maladi ki pi frekan nan lemond. Yo frape tout moun, kèlkeswa laj ou, sèks ou, estati sosyal ou, nivo entèlektyèl ou ak mwayen ekonomik ou. Sèlman yo ka wè li diferan...