FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU
Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen gen yon pi bèl vi e gen pi bon rezilta nan domèn ou. Sèl bagay ki ka few reyalize rèv sa oubyen anpeche w, se abitid ou. Abitid se sa ou fè, jan ou konpòtew oubyen panse chak jou. Abitid ou defini bonè w ak malè w, li gen gwo pwa lou sou avni w. Abitid ou se ou menm menm. Malerezman ou paka efase move abitid ou yo, men ou ka ranplase yo grenn pa grenn pa yon bon abitid. Pèdi tan, distraksyon, parès oubyen renmen bagay fasil, se pi gro ènmi ki ka anpeche w fè sa. Annou konprann anvan koman yon abitid boujonnen oswa grandi. Tout abitid kòmanse ak yon 1.Estimilasyon: sa ki ba w anvi pou w kòmanse fe yon bagay. Li kapab fizik, mantal oswa emosyonèl. 2.konpòtman: se reyaksyon ou genyen ak estimiliasyon sa, s...


