Month: April 2019

PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL
Jeneral, Sante

PA GEN BYENÈT SAN SANTE MANTAL

Pale de sante se yon sijè ki ap diskite toupatou nan mond lan. Enpòtans sante fè anpil politik fèt ak anpil lajan envesti nan Leta ak gwo òganizasyon yo pou fè prevansyon ak dekouvri tretman pou konbat maladi nan objektif pou moun ka viv pi byen. Men, domèn sante tèlman gen branch ki nesesè, genyen ladan yo ki neglije oubyen ekate pou bay kèk lòt plis enpòtans. Se sak fè depi yon pakèt syèk yo te plis panche sou maladi nan kò (sante fizik) pase maladi lespri (sante mantal) paske yo konsidere maladi lespri yo tankou yon mal sosyal ki pa depann de sante fizik. Men, eskè nou ka pale de lasante sanke nou pa konsidere sante mantal ak sante fizik ? Si gen dezekilib nan mitan fonksyonnman kò a ak lespri a èske li nòmal ? Konstitisyon Òganizasyon Mondyal Lasante defini lasante tankou se yon eta k...