LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD

LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD

Depi plizyè deseni, yo te  toujou ap kesyone sou sa ki gen awè ak pwoblèm tande a.  Britsoukou yo rayi li, renmen wè l, pouse do li, mete l sou kote oubyen adore li. Moun soud yo ap eseye atire atansyon. Gras ak laprès, pwoblèm tande a se yon sijè ki kòmanse ap pale kote anpil moun kòmanse aprann sou sa. Malgre tout deba sou fenomèn sosyal sa, moun ki pa soud sa vle di moun ki tande yo, pa janm chèche konnen kouman lavi yon moun ki soud espesyalman yon paran ki fè yon timoun ki gen  pwoblèm tande konprann devlopman fizik ak sikolojik timoun sa a k ap grandi. Yo defini nosyon Fanmi an kòm yon gwoup ki gen ‘paran ak timoun’ ki chita nan yon estrikti sosyal byen espesifik. Sikopedagòg LAFON Robert defini nosyon ‘Fanmi’ an de fason: yon gwoup sikososyal ak yon òganizasyon sosyal’’. Nan kesyon terapi sikològ òtofonis yo fè ak timoun ki gen difikilte yo, yo konstate ankadreman nan men fanmi yo enpòtan anpil pou yo. Eske wòl Fanmi kapab kontribiye pou  devlope global timoun sa yo? Kòman sa ka rive fèt?

De apwòch vizyon mond lan pa rapò ak pwoblèm tande a.

Yves Laporte montre de apwòch sou vizyon mond lan: 1 – yon vizyon oralis oubyen medikal ki wè moun soud tankou yon moun ki gen “déficit” epi ki pa menm jan ak tout moun, kote li enpòtan pou nou ta sèvi ak anpil teknik ak metòd espesyal pou nou pèmèt moun nan vini menm jan ak moun ki pale yo. Apwòch sa se suit modèl medikal la. 2- yon apwòch sosyo konstritivis oubyen vizyon antwopolojik ki sòti nan yon paradigm antwopo-sosyolojik ki trete kouch sosyal sa kòm yon kominote lengwistik ak kiltirèl, sa vle di yon vizyon kiltirèl kote moun soud yo vini avè li epi revendike l nan sosyete yo.

Kisa pwoblèm tande a ye ?

Pwoblèm tande a se lè ou pa tande nan youn oubyen tou de zorèy, “ surdité en pluriel” selon jan moun nan pèdi tande li a. “ surdité légère”  ak “ surdité moyenne” bay kèk konpòtman nan langaj ak sikolojik ki pa menm ak “surdité  sévère et prodonde” lan. Gen fanmi ki konn pran timoun ki soud yo. Swa paske paran yo ka pa ansanm ankò, oubyen yo mouri osnon paran yo abandone yo, oubyen tou se adopte fanmi sa yo deside adopte timoun soud lan. Plizyè kalte Pwoblèm Tande sa yo aji sou konpòtman fanmi ak timoun nan yon fason oubyen yon lòt. Timoun ki gen Pwoblèm Tande a kapab konstwi tèt li selon jan fanmi li ankadre li: fizik , ekonomik epi pa rapò ak kilti fanmi an. Christiane Mottier(1978) di : “à chacun son sourd”. Da ki vle di chak sosyete gen moun soud pa yo pa rapò a divèsite lengwistik , istorik , antwopolojik  ak ekonomik ki karakterize chak peyi.

 

Asosiyason (2018), pale de “audition permanent” kay timoun, li defini l tankou yon anomali ki plizoumwen la, ki rive fèt lè sou 100 aksyon degre defisyans siperyè a 40 desibel nan meye zorèy la.  Pwoblèm tande kay timoun gen de kategori : Pwoblèm tande konjenital (kote timoun nan fèt ak li)

Daprè chema klasik “ hérédité” a osnon ak maryaj “consanguin” ak lyen paran timoun nan, syantifik yo divize pwoblèm tande a an twa kategori:pwoblèm tande tranmisyonpèsepsyon ak miks.

Pwoblèm tande transmisyon an, afekte deyò zorèy moun nan ak mwayèn ,moun nan ka gen espwa tande. Li p ap gen pwoblèm tande pou li konprann men, moun nan p ap kapap tande son grav ni li p ap ka tande pawòl yo fò nèt. Pwoblèm tande pèsepsyon afekte anndan zòrèy la. Moun nan p ap kapab tande son ki pike epi l ap gen pwoblèm pou li konprann lè moun ap pale. Li p ap kapab geri avèk medikaman men li ka tande ak aparèy ki fèt pou sa. Pwoblèm tande miks :moun nan gen difikilte pou li transmèt son li jwenn. Li plizoumwen atake zorèy anndan moun nan. Jeneralman moun nan konn vin  tande gras ak yon operasyon.

Doktè Waridel Francois  2010  ki se yon òto-rino-laringològ  ki se yon branch nan medsin fè espesyalizasyon nan diagnostik ak tretman pwoblèm nen  gòj, zorèy, pati tèt, ak kou, prezante pwoblèm tande a sou sis (6) fòm.

Pwoblèm tande nòmal kote moun nan kapab pèdi prèske 20 desibel. Pwoblèm tande lejè 20 a 40 dB, kote moun nan ka tande ti chuichui jiska 30 santimèt sèlman. Moun nan ka  tande yon moun k ap pale si moun lan pou pi piti pase 4 santimèt ak li. Langaj moun nan pa prèske bay pwoblèm. Se sèlman kèk eleman fonolojik  moun nan ka pèdi oubyen  konfonn.

Pwoblèm tande mwayen an 40 a 70 dB.  Moun lan tande si moun k ap pale ak li a pale fò sou fòk li  nan yon distans 1m (Dr Waridel Francois: 2010). Gen posibilite pou timoun nan gen reta nan langaj li. Pou sa, yo ka fè li fè lekti “langual” oubyen mete yon aparèy.

Pwoblèm tande “sévère” 70 a 40 dB. Moun nan pa kapab tande pawòl yo sof si moun nan pale fò anpil (dr waridel Francois: 2010). Devlopman  langaj la p ap posib san yon aparèy  ki pou ede moun nan tande kèk son  ki pa tèlman klè.

Pwoblèm tande pwofon sou plis pase 90 db. Moun nan p ap kapab tande okenn pawòl.  Pwoblèm sa a gen de pati: ant 91 ak 100 dB epi ant 101 ak 110 dB : twazyèm degre ant 111 ak 119 db. Nan ka sa , li ka sèlman tande bri ki fò anpil.

Defisyans oditif total moun nan gen 120 dB. Nan nivo sa, li pa kapab tande ditou ni bri ni lè moun ap pale. Nan kad degre pwoblèm tande sa n ap mete aksan sou dènye  pwen otè a ki se defisyans total.

 

Devlòpman langaj ak konpòtman paran : obsèvasyon timoun ki soud

Si nou ap gade evolisyon oral yon ti bebe ki gen “déficit sévère congénitale” n ap wè li devlope menm jan ak yon ti bebe ki pa soud. Premye fòm kominikasyon kòmanse lè timoun nan ap kriye swa paske li grangou, li pa alèz, li gen yon doulè, oubyen li genyen yon malèz sikoafektif. Prezans paran pral va li konfyans paske l ap reponn ak bezwen bebe an. Nan dezyèm mwa a, timoun nan ta sipoze repete epi tande son ak silab jiskaske li kòmanse bay bouch li. Paran yo ki pa gen okenn dout  pral mete jwèt  kote timoun nan pral repete son ak silab. Se moman sa premye fòm lekti labyal, kominikasyon ak timoun nan ak paran li natirèl.  Poutan timoun ki pa soud lan pral repete son li tande nan antouraj li paske li kapab tande son an. Poutan, timoun  soud lan  ap rete an silans pandan li rete atantif nan swiv tout jès paran ap fè. Souvan se nan laj 18 mwa (environ 2 lanr) paran pral  sispèk genyen yon reta nan langaj oral timoun nan . Depi medsen O.R.L konfime pwoblèm tande kay timoun nan, paran yo di pitit yo te konn pale byen pwòp se pandan timoun nan vin gen 2 lane li vin soud. Apre dekouvèt sa, byen vit paran sa vin gade timoun sa avèk anpil kesyònman ak regrè . Doktè Lucien Moatti montre se paske pa gen okenn soutyen sikolojik ak enfòmasyon sou kòman yo ka ankadre timoun sa yo ki fè paran yo aji konsa. Se bò kote sikològ ak òtofonis paran yo reyalize difikilte atikilasyon ak oditif  mande pou timoun ale nan yon enstitisyon ki fèt menm. Ankadremam paran tou ap pemèt timoun lan pratike lang siy pou ede li konprann langaj ki pa atikile. Fòk paran pa neglije bay timoun lan afeksyon tou malgre pwoblèm tande a.

Sosyabilite ak pwoblèm tande kay timoun   

Anfas se laj kote timoun nan ap detache tanzantan de paran li pou li vire jwenn lòt bagay ak lòt moun ki nan antouraj li, nan anviwònman ki pi gran pase bèso li. Li mache , li vin otonòm  epi li aprann konn lòt moun. Apati 3 lane , se laj li rankontre avèk anpil timoun ak granmoun nan espas lekòl li. Li viv rapò ak lekòl matenèl kote jwèt gen yon plas enpòtan nan pwogram lan, nan ka sa, timoun lan pa gen nesesite pou pratike langaj oral. Poutan, se aprè yon tan timoun ki pale yo vin rann yo kont  difikilte langaj timoun soud la genyen. Kèlkeswa  pwoblèm tande kay timoun lan ki li :  lejè oubyen pwofon, byen vit yo idantifye li tankou yon timoun ‘’Andikape’’paske  timoun soud lan fè jès san li pa wè sa pou fè moun konprann. Souvan li enpòtan pou ‘negosye’avèk fanmi pou yo pataje kèk jwèt oubyen fè timoun soud lan rankontre yon timoun ki pa soud pou yo evalye nivo pwoblèm tande li.

Konpòtman ak pratik fas ak pwoblèm tande a

Anpil responsab lekòl matènèl ak paran refize fè enskripsyon pou timoun soud paske timoun sa yo souvan fè fas ak yon doub rejè: rejè fanmi li ak lekòl li.  Kote paran timoun sa konn vin agresif oubyen fèmen sou li menm. Paran sa konn vin depresif pandan li pa asepte reedikasyon oubyen  tout fòm ansèyman pou li rive konprann timoun nan.  Sa fè paran ale chache solisyon l ap panse k ap pi fasil ak pi rapid pou timoun nan  ki konn koute anpil kòb tankou konsiltasyon kay diferan espesyalis. Selon Boucebci Mahfoud ki se yon sikyat:  paran yo genyen yon  “mythe des soins a l’etranger ”sa vle di: paran yo  plis kwè medsen etranje Lè yo ankadre timoun yo nan zafè edikasyon ak medikal, li plis reprezante yon sekirite pou paran ak timoun nan.  Souvan yo pa rele timoun soud yo nan non yo. Yo konn rele yo “bèbè”oubyen  “Soudè”. Pou kounye a, yo bay yo yon lòt non ki se ‘’andikape’. Konpòtman parantal sa yo konn fè paran pa fyè de timoun nan sitou lè timoun ki nan vwazinay li: lari ak lekòl bay timoun soud lan non sa. Non sa yo konn fè paran timoun nan sonje difikilte pitit li genyen pou li entegre li nan sosyete an. Anpil Paran konn wont mache ak pitit yo pou lòt pa blese ak fawouche yo . Sou plan sikolojik, fòm pwoteksyon sa a  kache yon santiman koupab kote li pa kapab reyabilite timoun malad sa.

 

Pwoblèm tande ak eskolarite timoun

Nan pratik nou, nou konstate lekòl se yon faktè detèminan nan listwa ak idantite timoun soud. Avan 3 lane, kèk paran konn pa bay tèt yo pwoblèm ditou sou reta langaj ki ka parèt  kay timoun yo ki selon yo menm se ti kras pa ti krad timoun nan ap pale nan gade pa rapò ak sa yo obseve kote timoun ki nan vwazinaj yo. Selon sa paran yo konn rakontre nan ti pale yo konn genyen ak sikològ. Konsta sa konn bay reta nan koze medikal, apareyaj ak eskolarite timoun nan ki gen pwoblèm tande “sevère”. Apre kèk ane nan fè sanblan, yo vin wè  vrè  pwoblèm langaj kay timoun nan  e deside voye li nan yon enstitisyon pou soud menm si timoun sa ta gen anpli laj. Souvan paran yo konn voye yo nan lekòl yo fè pou moun soud Lè timoun lan gen plis pase 8 lane yo. Nou estime li difisil pou ratrape reta sa paske yo te dwe wè sa depi nan 2 premye ane kote timoun nan gen tande kèk bri men pa konprann langaj lan. Lè  pwoblèm tande  a anlè 90 %, timoun lan pa kapab tande ni bri ,ni vwa moun, kote paran ak pwòch timoun nan dwe kouri ale wè yon espesyalis. Kèk rezilta eskolè koreponn ak kèk  metòd pedagojik  avèk pwoblèm tande timoun gras ak jès natirèl pou li kominike. Egzanp lekòl pou moun soud ki nan peyi ALGERIE adopte yon metòd ki rele ‘’Verbotonale’’ du Pr. Petar GUBERINA (1905-2003), ki se yon metòd oralis ki pou redwi langaj ak odisyon kote  jès yo pa entèdi nan klas. Se rezilta lòt difikilte pou fanmi timoun soud yo, sa vle di pou yo konnen reedikasyon òtofonik ak aprann lang siy pou yo eseye tabli bon relasyon ak timoun nan.

Pou nou fini, selon konsta kèk chèchè, paran yo pa prepare pou resevwa oubyen asepte pitit yo ak plizyè difikilte kominikasyon oral ak oditiv sa. Paran yo gen difikilte pou yo konprann eksplikasyon syantifik espesyalis nan domèn sa yo ap ba yo, yo poko ka metrizel. Se yon veritab chòk pou kèk paran , ki byen vit mete tèt yo nan yon sitiyasyon boulvèsman emosyonèl ak ‘’denie ‘’ki fè paran pèdi tout mwayen pou li ta voye je sou timoun sa. Paran an dwe ede timoun soud lan devlope pesonalite li, asepte pwoblèm timoun nan , ba li ankadreman chak jou san li pa rete sèlman sou sa sikològ ak òtofonis di li pou li fè.  Kidonk , devlopman pesonalite timoun ki soud ou pa soud gen rapò tou ak relasyon paran li, li konn detèmine idante pèsonèl ak sosyal timoun nab. Aspè lengwistik lan dwe an premye nan bati idantite ak karakteristik familyal ak sosyal  kay timoun ki genyen pwoblèm tande a.

 

Bibliografi

  • Aurore BATISTA, representation sociale de la surditee et construction de l’ideologie oraliste en France, Universite Stendhal Grenoble 3, Departement des Sciences du Langage, 2007, Master 1 en Langage et Surdite (Mémoire)
  • Benoit VIROLE, Sociologue du monde professionnel de la surdité Idéologies, modèles théoriques et pratiques, Juin 2010
  • Bernard MOTTEZ, « La surdité au quotidien», Paris Ecole Pratique des Hautes Etudes, 1973, 2207.
  • Benoit MOTTEZ, Sociologie de la surdité « la surdité au quotidien ‘’ Paris, Ecole Pratique des Hautes, 1973, 2007.
  • Christian CUXAC, le langage des sourds, PARIS EDITIONS Payot, 1983.
  • Fédération Francophone des sourds de Belgique, A la découverte de la surdité, avril 2014
  • Otè

    Otè

    Tamara PIERRE, (Sikològ sosyal)

  • Editè

    Editè

     Roselande Jeanty , (lengwis, tradiktè)