MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye?

Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou jwenn y ap rakonte. Istwa sa yo souvan  makonnen ak imaj yon bèt oubyen yon moun oubyen tou se yon istwa yo rakonte ou men ou pa janm viv menm yon segonn nan lavi ou .
Mit lan se zèv yon gwoup savan ki marye ak yon sosyete osnon marande ak aksyon yon sosyete. Li egziste nan tout peyi sa ki vle di chak sosyete konstwi ak mitoloji pa yo. Pou sosyete ayisyen an , gen plizyè mit ki chita ladan. Men, nan atik sa a n ap eseye konprann kesyon lougawou a. ki se youn nan mit yo plis pale de li

Lougawou

Lougawou se youn nan mit ki chita lakay ayisyen. Li konstwi ak zannimo tankou ravèt,  gwo papiyon nwa, chwal bwa, chòv-souri elt..  Nan byozowoloji, li rele bèt sa yo bèt ak zèl. Sa vle di bèt ki pa gen zo ( invertebré). Yo konstwi li tou ak gwo zannimo ki sanble anpil ak moun (Humanoïdes- Anthropoïdes-anthropomorphes- Lycanthropes) tankou  :
– Lasirèn
– Makak
– Ti granmoun

Yo fè l ak bèt sa yo tou:
– Chen
– Chat
-Tig
– Bourik san tèt
– Towo bèf
Mit se yon bagay ki natirèl nan tèt chak moun. Se li ki pèmèt ou eseye konprann sa ou santi.
Li nòmal pou yon moun viv ak mit paske li se baz tout sosyete. Se mit lan ki bay sosyete a kwayans ak konpòtaman ( pèsepsyon -abitid- jan yo viv -fason yo wè e konprann fenomèn yo ).

Ki pwoblèm ki genyen ak  mit lougawou a nan sosyete ayisyen an?

Se vre nou dwe viv ak mit nou yo men, lè yon sosyete pa rive konnen mit li sa bay gwo pwoblèm nan relasyon moun ak moun  Mit lan jwe yon gwo wòl nan mantalite yon moun oubyen yon sosyete.
Sa ki makònnen nou, sa ki fè nou viv ansanm nan se mantalite nou. Sa vle di fason nou wè bagay yo . Kòm nou pa twò konnen mitoloji nou,  sa vin kreye yon laperèz nan lespri nou. Mari pa fè madanm konfyans menm jan madanm pa fè mari li konyans. An gwo, pensonn pa fè lòt konfyans. Youn ap veye lòt.
Nan sosyete ayisyen an, nou remake gen anpil zòn yo toujou fè konprann ti granmoun yo se Lougawou yo ye. Sitou lè granmoun nan gen cheve blanch. Li oblije gen yon tit Lougawou ki ranplase siyati l.
Poukisa yon gwoup moun oblije konprann yon grann konsa?  Poukisa yo pa renmen ti granmoun?
Nou ka pran egzanp timoun ki mouri ak kolera paske anpil paran pa te konprann sa ki t ap rive timoun yo. Menm paran sa yo pa te rive dakò sou inyorans ak neglijans yo .Yo te pito fè kwè se ti granmoun ki nan antouraj yo ki tounen chat, ki pouse zèl pou vin vole sou do kay pou pran nanm ti moun yo. Gen anpil lòt egzanp konsa toujou.

Kòm moun renmen sa ki sanble ak li , moun ki kwè nan menm bagay ak li .Lè w ap grandi yo fè w konprann ti granmoun yo se malfektè.  Yo ka menm fè w kwè se paske li te manje yon timoun ki fè li soufri tèl maladi oubyen li gen  tèl andikap. Si ou pa ta kwè, y ap konsidere w tankou yon move timoun. oubyen tou yo swete pou yon bagay mal rive ou pou ou ka rive kwè nan fenomèn lan.
Chak moun g on listwa alegorik pou yo rakonte w. Moun lan kwè tout bon nan sa l ap rakonte w lan. Malè ak ou si w pa kwè
– Yèswa pandan m kouche m tande yon bann sanpwèl.
– Avanyè m wè yon simbi

Se fraz nou souvan tande y ap repete.

Mitoloji ayisyen ak lasyans

An Ayiti, menm moun ki fè gwo etid yo, anpil nan yo pa toujou ap balanse nan lasyans di ak kwayans yo. Se yon pèp kwayan ak 90%, yo sipèstisye.
Ayisyen pa toujou kwè se maladi natirèl yo genyen. Li pa fasil pou kwè se lougawou k ap fè nou mal. Sa ki lakoz nou pi vit al chache gerizon kay yon apot mitoloji (Ougan)  olye nou chache wè yon doktè syantifik ki ka bay yon bon limyè sou maladi nou genyen.  Pawòl doktè pa toujou vle di anyen pou yon ayisyen ki soufri ipokondri ( Hypochondrie) .
Nou ka pran egzanp yon moun ki fin fè tès gwosès e li wè li ansent anvan tout sa yo, lè li wè siy yo, premye reflèks li se kouri al kay yon bòkò. Nan chache solisyon , bòkò ba li yon pakèt remèd ki pa menm ka rezoud fo pwoblèm lan sa ki konn fè moun lan pèdi  timoun lan

Fason yon gwoup konprann yon fenomèn konn lakoz yon moun soufri pou sa. Nan sosyete nou an gen anpil granmoun k ap soufri ak twoub sikolojik akoz yon chay yo lage sou do yo.
Poutèt sa gen anpil jenn ki pè vin granmoun,  menmlè yo pa ka anpeche sa. Paske granmoun yo sibi anpil move tretman tankou :  mepri pou tèt laj yo ak anpil pawòl ki fè kwè depi yo se lougawou

Mit pa yon pwoblèm. Men lè ou pa konprann li ni konnen kòman li manifeste , se la a li ka bay gwo pwoblèm nan relasyon ou ak lòt moun.

 

Nou konseye ou li:

– La bête qui mangeait le monde,  ANTOINE Nochy,  Ed.2018
– Atlas de zoologie poétique,  EMMANUEL Pouydebat , ed. 2018
– L’histoire naturelle, Georges Louis Leclerc de Buffon,  Ed. 1749, imp nationale
– La mythologie: ses dieux,  ses héros,  ses légendes, EDITH Hamilton , Ed.  Little Brown compagny , 1942

 

  • Otè

    Otè

     Evodie MENARD, (etidyan nan sikoloji, fakilte Etnoloji)

  • Editè

    Editè

    Ledna ADRAS, (Etidyan lengistik