Maladi Pèsonalite yo se modèl konpòtman ki pèsiste apre yon sèten tan e yo san souplès, kidonk yo afekte fonksyonman sosyal moun nan. Nan twoub pèsonalite Nasisistik la, moun lan ekzajere enpòtans li avèk èd li ka pote oubyen siksè li nan imajinasyon l. Pou moun sa yo li trè difisil pou yo aksepte kritik epi anjeneral yo montre kòlè oswa wont anpil.
Daprè DSM V (2013), kritè ki pou ranpli pou yo di yon moun gen twoub pèsonalite Nasisik la dwe:
Yon modèl ki pèsistan nan grandè (nan fantezi oswa konpòtman), bezwen admirasyon ak mank de senpati ki kòmanse nan adilt ak rive nan yon varyete de kontèks, jan sa endike nan 5 oswa plis nan sa yo nou pral site yo la:
Prevalans maladi sa a estime ant 0 ak 6.2%. Konsènan devlopman maladi sa, karakteristik nasisik la ka kòmanse nan adolesan, men sa pa vle di twoub la ap devlope nan laj majè.
Nan moun yo dyagnostike ak maladi sa a, ant 50 ak 75% se gason. Lè y ap fè dyagnostik sa, yo dwe pran an konsiderasyon:
Sous :American Psychiatric Association. (2013). Diagnostic and statistical manual of mental disorders (5th ed.). Washington, DC
Eske jan yo renmen di moun nan karayib yo sanble nan anpil aspè a se…
https://sikolojiankreyol.org/wp-content/uploads/2021/01/Sikoloji-an-Kreyol-2021-1.pdf
Timoun ki dezobeyisan yo gen yon tanperaman nou konn di ki fò, yo chèche konfwontman,…
An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…
Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen gen yon pi bèl…