MIT SOU SANTE MANTAL NAN MITAN KARAYIBEYEN YO
Eske jan yo renmen di moun nan karayib yo sanble nan anpil aspè a se vre?Si nou ta sanble vre, eske mit sou sante mantal nou yo sanble tou? Kòman nou ka idantifye yo? Sa se kèk kesyon ki te poze avan rankont vityèl ki te fèt jou ki te 16 janvye a sou facebook, kote nou te rankontre Ayisyen, Jamayiken, Dominiken, Giyanè, ki ap viv nan peyi yo oswa nan dyaspora. Aktivite sa te prezante pa 5 gwoup, ki se:1- Savesouls ki te genyen kòm reprezantan Patricia Mura Desert, prezidan komite ak kofondatris la.Obelle Milien, ki se chèf egzekitif epi kofondatris.Savesouls se yon òganizasyon ki ap pwomot sante mantal nan mitan popilasyon nwa ameriken yo.2- Stand up agency ki te reprezante pa Taelle Ruthdjina Chéry ki se fondatè a, yon ajans ki espesaylize l nan planifikasyon evènman epi vwayaj.3- ...